(Musée du Louvre), se yon mize san parèy nan kapital la, ki fè respekte kilti fransèz la ak ewopeyèn lan atravè ekspozosyon pèmanant de plizyè zèv atistitik, 8 milyon vizitè chak ane pa sispann temwanye sa ak koman mèvèy sa vo lapèn pou kontanple ak admire. Yon espas ki chaje ak istwa kote zèv atistik yo enstale sa fè déjà 200 lane.
Avek plizyè milyon vizitè chak ane, (Le musée du Louvre) se youn nan etablisman kiltirel ki pi vizite nan vil la, e nan tout mond lan. Men avan ke li se yon mize, gwo bout palè sa wap gad la ki mezire plis pase 350 00m2 a te yon kay abitab nòmalman, pi presizeman kay Wa LaFrans lan.
Avan sa, se te yon chato fò konstwi pa Wa Philippe Auguste nan lane 1190. Se nan lane 1546 ke Francois 1er te deside ratibwaze ansyèn fòterès sa poul te fel devni yon rezidans nan stil (Renaissance), ki te fèt pa Pierre Lescot. Plizyè travay te kontinye ap fèt sou rèy Henri II ak Charles IX jiskaske Henri IV te deside ini tout palè a nan lane 1594, ki te konstwi pa Catherine de Medicis.
Plizyè travay ak amenajman te rete briskeman nan lane 1678, nan moman kote Louis XIV chwazi « Versailles » la kòm rezidans pito. Se nan lane 1793 ke « Louvre » la te devni yon mize, mize santral atistik repiblik la pou’n ka pi direk.
Comentários