> Monopoli >
top of page
Rechercher
  • Photo du rédacteurWilgens Sterling

Monopoli

Se yon vil italyèn ki gen anviwon 48 790 abitan, li sityé nan vil metroplitèn ‘’Bari’’ nan rejyon ‘’des Pouilles’’ nan itali meridyonal la.


Se yon ti pò touristik, nan sezon dete, ranpli ak yon bel varyete bato ki gen koulè vif, yon belt i pwomnad avek yon peyizaj sou lanmè ‘’Adriatique’’ a kote vil la. Se vreman trè bo e manje a vreman se koupe dwèt.

Gen 2 andwa ke nou rekòmandew vivman : pwofite de trankilite ak fanmi ou oubyen tou senpleman an koup konfòtab. Pwofite de kek bagay senp e konfòtab. Pandan wap pwomennen nan riyel yo, pase nan yon ti kafe ki rele ‘’The king”, 3 tab men mi yo antoure ak jwèt sosyete, Selman chwazi yon jwèt, wap jwenn tou de klasik ki posib nan tout lang yo (Uno, Scrabble, …), kòmande yon bon tas kafe oubyen yon vè ‘’prosecco’’ epi pwofite de tan pase yo ansanm, san telefòn, san ekipman teknolojik, yon vrè pè ak yon detant san parèy lwen de tout boulvèsman kotidyen yo.

Pou yon dejene oubyen yon dine agreyab, restoran ‘’Komera’’ yo priyorize pwason men vyann posib tou, yon meni trè konplè, yon bon nouriti akonpanye ak yon bon sèvis.


Ou pa ta renmen fon ti dekonekte ak reyalite kotidyen'w yo pou yon ti tan nan vil sa dekonekte de tout fðm teknoloji?😉🥰

 


15 vues0 commentaire

POSTS RÉCENTS

bottom of page
>