> Miami, yon vil ekstraòdinè ! >
top of page
Rechercher
  • Photo du rédacteurWilgens Sterling

Miami, yon vil ekstraòdinè !

Ou poko janm anvizaje ale laba oubyen menm gen anvi viv laba ? Se yon andwa mayifik, yon kote ki chaje ak opòtinite, chaje ak aktivite e sitou yon varyete andwa pou vizite ki trè enpòtan nan vil la. Anpil moun twouve ke ale viv nan gran vil sa e mayifik anplis, se tankou ou tap viv rèv ameriken ou an. Men pou w viv nan yon vil tankou vil sila, li toujou konseye al vizite avan pouw ka asirew ke li nan sans ou vrèman paske se yon andwa ki bouje anpil paske chaje ak aktivite. Donk, ou tou konprann ke vwayaje nan vil sa se pa bagay pouw òganize a la dènyè minit, sa’k pi enpòtan pouw ta fè se fè yon pwogram ak pakou kote ou ta renmen wè yo an premye.


Sa ap itil ou pouw ka jwenn ase de tan pouw ka fè kèk acha de souvni pou zanmi, ou byen pou ou, oubyen pouw al vizite kèk lòt andwa ou pat mansyone nan pwogram ou an. Pandanw miami ou gen posibilite pouw rankontre ak kèk stars hollywood ou konn abitye wè nan film, seri etc kap viv yon vi ki konplètman diferan de pa nou an. Siw renmen fèt ak plezi tout tan ebyen kite’m diw ou nan meyè andwa, paske se yon vil fèt tout tan. Emeyè andwa pouw byen amizew daprè temwanyaj anpil vizitè se : South Beachm Coconut Grove oubyen Coral Gables.


Konsèy kèk vizitè, li ta preferab pou vizitè yo ta achte nan imobilye Miami, paske ou ka jwenn anpil apatman ki pa two chè siw ta renmen byen pwofite de vil la janw vle’l la. E pou ou menm ki renmen bel rad, wap jwenn yon dividal sant komèsyal pouw fè shopping, se yon vil ki gen vi lannwit san parèy.


Ou ka pwofite de tout sa yo pandan ke ou enstale’l miami, se kanmèm pi senp pou vizite vrèman tout ti kwen vil sa. Men se pa selman miami ki konsa gen plis ankò. Pa ezite vizite mayifik peyi sa answit pran bel plezi’w paske USA se yon andwa pou sa.

 

41 vues0 commentaire

POSTS RÉCENTS

bottom of page
>