> Men peyi kote ou pap ka achte machin ak gaz ankò nan pwochen ane yo >
top of page
Rechercher
  • Photo du rédacteurWilgens Sterling

Men peyi kote ou pap ka achte machin ak gaz ankò nan pwochen ane yo

Ozetazini, prezidan Joe Biden te deklare ke li vle rive touché 50% machin nèf san gaz pou lane 2030 lan. Se yon mezi pou ran trafik la pi pwòp. Nou pral fè tout pwomnad mond lan pou’n al wè tout peyi tout peyi nan mond lan ki pral entèdi machin ak diezel ak gaz nan pwochèn ane.


Jedi kite 5 dawout la, Joe Biden te anonse mezi ke li pral pran pou mache otomobil la ka pi pwòp, pi respektye pou anviwonman. Yon dekrè ki apiye sou avni endistri otomobil amerikèn yo te siyen e prezidan an te fikse yon objektif klè : nan lane 2030 li swete ke 50% machin ki pral vann yo ta fèt san emisyon gaz. Gen yon mezi fòt kont machin tèmik yo, esans oubyen diezel. Yon fason pou ankouraje popilasyon an achte machin ki miks ki rechajab, elektrik oubyen avek dlo.


Men fok nou di’w ke etazini pa nimewo 1 ide sa. Gen anpil lòt peyi ki déjà pran menm mezi sa, e menm pi strik toujou. Ann swiv avek nou ki peyi sa yo.

1- 100% machin nèf kap sòti nan peyi Norvège yo ap san gaz

Se (Norvegiens) yo ki se pyone mezi sa. E an tèm de vant, e yo déjà chwazi pou machin elektrik. Nan lane 2020, Norvège te devni premye peyi kote machin elektrik yo resevwa nouvel imatrikilasyon an. Mye ankò, nan premye trimès lane 2021 an, vant machin elektrik yo ak ibrid yo déjà atenn 82%. Se sou sa ke peyi a chita ki fè li deja anonse ke tout vant li yo ap atenn 100% nan lane 2025. Sa’k pi Paradòksal sèke Norvege se pi gwo pwodiktè (hydrocarbure) nan lwès kontinan ewop la.

2- Anpil peyi gen menm objektif sa pou 2030

Jou machin tèmik yo vrèman konte nan plizyè peyi nan kontinan ewop la. E pou rezon sa, nan lane 2030, pa gen okenn machin nef kap fabrike ak esans oubyen diezel nan peyi Woyòm ini, nan peyi la suède, nan peyi Irland, nan peyi Danemark ak pays-Bas. Epi Israel bò kote pa’l, te anonse finisman vant machin diezel ak esans yo pou 2030 depi lane 2018. E se yon mezi ki déjà pran nan peyi singapour.

3- Ozetazini, yo pran yon objektif pi fleksib

Si Joe Biden te anonse objektif yo genyen pou lane 2030 lan an gran ponp, men li pat tranche pou fen definitive vant machine tèmik yo pou lane 2030. Objektif la se Selman atenn 50% machin elektrik oubyen ibrid rechajab pou vann. Men gen kek eta nan peyi a ki deside pran devan e menm enpoze pwòp règ yo. Konsa, Californie, vann machine ki gen mote yo ap entèdi depi lane 2035. Epi Quebec nan peyi Canada gen menm objektif la, epi peyi a deja vize lane 2040.

4- Nan peyi Lafrans

Lafrans se yon peyi ki pwodwi anpil machin, Lafrans ak almay pa two mache nan lojik la, men pou moman, se neerlandais yo ak britanik yo ki gen sa an pèspektiv. Inyon ewopeyèn li menm deja pwopoze redwi a zero nan emisyon CO2 nan machin nèf kap gen pou sòti pou lane 2035 lan, nan ni machine ibrid ak ibrid rechajab yo tou. Yon mezi ki pa fè kontantman peyi konstwiktè yo tankou Lafrans, Almay, Itali oubyen espay, ki swete pouswiv avek ibrid yo. Donk pwopozisyon Inyon ewopeyèn lan ta dwe rediskite.

5- Rès mond lan

Depi 2017, Lachin te anonse fen machin tèmik yo pwogresivman. Men jiskounya li pako etabli yon objektif presi, menm si gouvènman an te anonse nan lane 2020 ke machin elektrik yo ak ibrid yo ta dwe devni machin ki pi itilize nan lane 2035.


Pa gen dat presi pou peyi japon, men gouvènman yo gen kanmenm kom pèspektiv pou entèdi machine ak motè diesel ak esans yo pou lane 2030 lan.

Gen Lòt peyi ki afiche volonte yo pou woule machine ki pi pwòp, tankou : (Inde), ki vize 30% nan vant machin elektrik yo pou lane 2030 lan; (Cap-Vert) ki swete atenn 100% nan lane 2035 lam; answit (Costa rica) qui swete gen machine nèf san emisyon nan lane 2050 lan.

 

Si w twouve atik la te enp

814 vues0 commentaire

POSTS RÉCENTS

bottom of page
>