> >
top of page
Rechercher
  • Photo du rédacteurWilgens Sterling

Men peyi kote ou pap ka achte machin ak gaz ankò nan pwochen ane yo

Ozetazini, prezidan Joe Biden te deklare ke li vle rive touché 50% machin nèf san gaz pou lane 2030 lan. Se yon mezi pou ran trafik la pi pwòp. Nou pral fè tout pwomnad mond lan pou’n al wè tout peyi tout peyi nan mond lan ki pral entèdi machin ak diezel ak gaz nan pwochèn ane.


Jedi kite 5 dawout la, Joe Biden te anonse mezi ke li pral pran pou mache otomobil la ka pi pwòp, pi respektye pou anviwonman. Yon dekrè ki apiye sou avni endistri otomobil amerikèn yo te siyen e prezidan an te fikse yon objektif klè : nan lane 2030 li swete ke 50% machin ki pral vann yo ta fèt san emisyon gaz. Gen yon mezi fòt kont machin tèmik yo, esans oubyen diezel. Yon fason pou ankouraje popilasyon an achte machin ki miks ki rechajab, elektrik oubyen avek dlo.


Men fok nou di’w ke etazini pa nimewo 1 ide sa. Gen anpil lòt peyi ki déjà pran menm mezi sa, e menm pi strik toujou. Ann swiv avek nou ki peyi sa yo.