> >
 
Rechercher
  • Wilgens Sterling

Lis 5 inivèsite ki pi chè nan mond lan pou lane 2021 an

Edikasyon se pati ki pi enpòtan nan lavi e gen anpil lekol ki pwopoze diferan tip de kou. Epoutan, inivèsite sa yo pa bon mache ditou ditou e si yon moun eseye pouswiv etid li nan meyè inivèsite yo, lap gen pou’l peye yon kolosal sòm chak ane. Inivèsite sa yo konsidere kòm inivèsite ki pi chè nan mond lan e kip a an favè okenn etidyan òdinè.


Mwen konnen wap mande’w ki inivèsite ki pi chè nan mond lan ? ebyen san pèdi tan li pa lòt ke « Harvey Mudd College », ki te kreye kòm yon lekol prive 1955, li se nimewo 1 nan klasman nan klasman 10 inivèsite ki pi chè nan mond lan.


Inivèsite ki pi chè nan mond lan se plizyè etablisman siperyè ki trè repite nan koze ansèyman e answit ki pi repite nan kesyon respekte kou regilye li yo. e san bliye etablisman sa yo pwopoze tou plizyè tip aktivite siplemantè ki ede etidyan yo devlope nan divès lòt aspè nan lavi yo. lis sa genyen ladan’l non tout etablisman siperyè ki pi chè nan mond lan :


Lis inivèsite ki pi chè nan mond pandan lane 2021 an :

Inivèsite Chicago (Frè anyèl :57,711$)

Li se youn inivèsite ki pi chè nan mond e frè eskolarite’l elve a 57,711 1890$. Etablisman siperyè sa sitye’l nan vil (Illinois) e se « American Baptist Education Society) ki te fonde’l nan lane XNUMX ». Donk premye pwomosyon inivèsite sa te komanse nan lane 1892, nan ouvèti li, li te resevwa plizyè don nan men « John Rockefeller ak Marshall Field ». enstitisyon edikatif sa genyen pi gwo jounal inivèsitè nan peyi Etazini.

John Hopkins university (Frè anyèl: 57,820$)

Inivèsite John Hopkins lan se yon inivèsite ki pi chè nan mond lan e yon etidyan dwe peye 57,820$ pou ane a. Etablisman sitye’l nan vil “Baltimore”. Li se yon lekol prive benevol ki rekoni anpil pou rechèch li yo. li te kreye nan lane 1876 e se te 7 milyon dola John Hopkins ki te ede fondasyon an. Li trè rekoni pou travay li nan nivo syans natirel, rechèch medical, enjenry ak anpil lòt travay syantifik.

Parsons la nouvelle ecole de design (Frè anyèl : 57,910$)

Li se yon kolèj atistik ak design ki sitye’l nan vil “New york”. Enstitisyon sa fè pati lis inivèsite ki pi chè nan mond lan kote etidyan yo ap peye 57,910$ pou frè anyèl. Se « William Merritt Chase » ki te fonde’ll nan lane 1896, answit nan lane 1970 li te devni yon pati nan « New School for Social Research”. Men fok nou di’w ke lekol sa gen plizyè non, pa egzanp : « New York School of fine and Applied Art”, “New York School of Art” ak “Parsons School of Design”.

Dartmouth College

(Frè anyèl : 57,996$)

Etablisman sa tou fè pati de inivèsite ki pi chè nan mond lan ak yon frè de 57,996$. Se Eleazer Wheelock ki te fonde enstitisyon rechèch prive sa nan lane 1769 et li se youn nan nèf kolèj kolonyal ki trè rekoni avan revolisyon amerikèn lan. Epoutan li bel e byen fè pati de « Ivy League », men li se lig ki pipiti nan lis sa.

College Claremont McKenna

(Frè anyèl: 58,065$)

Li figire’l nan lis etablisman ki pi chè nan mond lan. Li sitye’l nan vil « Californie » e li trè selèb pou pratik atistik liberal prive li. Nan komansman, se te yon kolèj selman pou gason, men a pati de lane 1976, li te komanse aksepte elèv fi. Li se youn nan inivèsite ki gen to ki pi ba nan kesyon aksepte etidyan, donk li se youn nan etablisman ki pa pran twòp etidyan.

 



Pa bliye like si w renmen atik la, jis klike sou ti kè a ♥.


pataje avi sou atik la avèk nou nan yon kòmantè pou nou ka konnen kijan pou nou satisfè w pi byen




234 vues0 commentaire

POSTS RÉCENTS