> « Le Colisée nan peyi Italie » >
top of page
Rechercher
  • Photo du rédacteurWilgens Sterling

« Le Colisée nan peyi Italie »


Yo rele’l tou « Theatre des cruautés romaines », Colisée a se youn nan pi bel jwayo ke anpi women an pat janm konstwi. Li se prensipal anblèm vil Wòm lan e li se youn nan pi bel atraksyon touristik ki pi pwisan ke pèsòn nan mond lan pa ta dwe rate okazyon pou vizite moniman sa. Andwa sa resevwa anviwon 6,5 milyon vizitè pa ane, se youn nan pi gran oditoriòm ki chita nan Sant vil wòm la (188m sou 156, pou yon wotè de 48,50 m). Li gen plas pou plis ke 50,000 espektatè pou asiste ak tout aktivite abityèl yo toujou genyen.


Non orijinal li se te « Amphitheatre Flavien » li te ranplase pa « Colisée » an rezon de gwo estati « Neron » an ki drese nan rantre « Domus Aurea » a, donk sa ta vle di : « Le colosse de Neron ». « Domus Aurea » te yon gran palè ki te konstwi sou lòd « Neron » aprè ke Wòm te boule a.


Anperè « Titus » te inogire « Colisée » avek yon jwèt konba ki te dire 100 jou, sa ki te koz lanmò plis pase 2000 gladyatè.


Colisée ak Vatican se andwa ki pi vizite nan vil Wòm. Se toujou plizyè milyon vizitè yo resevwa chak ane. 7 jiyè 2007, Colisée a te devni youn nan 7 mèvèy mondyal yo.


Ou pa ta renmen fè pati de 6,5 milyon vizitè sa yo yon jou nan vi’w ?

 

11 vues0 commentaire

POSTS RÉCENTS

bottom of page
>