> LAK AZUÉI : YON RICHÈS POU PEYI DAYITI >
top of page
Rechercher
  • Photo du rédacteurWilgens Sterling

LAK AZUÉI : YON RICHÈS POU PEYI DAYITI

Si yo ta pale w de yon kote ki twouve l nan mitan dlo, kote ke tout arebò l se dlo ke w jwenn, rapid vit ou gentan wè se yon zile. Si yo ta pale w de envès la kounya ? Kote se dlo a ki twouve l kwense nan mitan tè a. Medam / Mesye, bagay sa yo se ti leson nou etidye nan klas primè. Se jis kèk enfòmasyon adisyonèl nou pral pote pou ou. Si w potko wè de kisa n te vle pale, ebyen nou te vle pale w de LAK. Jeneralman, pou yo Konsidere l kòm yon lak fòk son gwo dlo, kote moun ka fè aktivite lapèch tou, kote ti bato ka pase e ki byen antoure konsa y ap diferansye l de ti kanal yo. An Ayiti, nou gen 2 lak : lak pelig ak lak AZUÉI oubyen Étang Saumâtre. Kozri nou pou Jodi a pral chita sou lak Azuéi. Lak Azuéi soti depi Repiblik Dominikèn pou fini kous li nan pati Lès Pòtoprens, kapital peyi Dayiti.Li gen yon sipèfisi 170 kilomèt kare epi apeprè 22 kilomèt de longè. Lak Azuéi gen yon ekosistèm san parèy e se tou yon rekwen pou tete lang ak lanati.

Lak Azuéi se pi gran lak peyi Dayiti e se youn tou ki lèse plis kiryozite. De jou an jou, lak la ap monte, pyès moun pa konn poukisa. Lè w tou pre lak la, ou ka remake kèk pyebwa k ap pouse nan mitan lak la e ki bay aspè moso vè. Nou ta vle di, lak la soti pou l defye lwa lanati. Yon lòt patikilarite lak la genyen, se kesyon sèl la. Se pa pou san rezon yo rele l '’ Étang Saumâtre '’ sa ki vle di lak ki sale. Nan epòk pre- istorik la, lak te konn sèvi pou aktivite maren e lak la kite pou nou tou, yon ekoloji apa. Se apeprè yon santèn zwazo ak reptil akwatik nou ka jwenn nan lak sa : Flaman woz ak kwokodi l fè kenken. Arebò lak sa, nou jwenn rezèv natirèl Pak Kiskeya, yon kote ki bay moun posibilite pou admire lak ak tout divèsite l, ou ka menm pwomennen nan chan Cactus 🌵 ki layite kòl nan espas sa. Nan mitan lak la menm, yon fèm komèsyal, Tilapia, pataje lak la ak yon seri zwazo akwatik,ke moun te konn chase lontan, men kounya ki sou pwoteksyon ofisyèl.

Pi bon fason ou te kapab fè konesans ak bote lanati sa se fè yon fason pou planifye vwayaj ou laba sa, konsa w ap gen chans kontre zwazo sa yo ki konn vin pase on ti tan sou lak la. Lak la se yon byen Piblik,sa ki vle di, gen moun ki ka fè ti aktivite yo la san moun pa anpeche yo. Konsa, gen de ti kay bò lak la, w ap jwenn on seri de pechè ki konn vin tante jwenn kèk ti pwason pou kapab soulaje lakay. Yo ka pwopoze w on ti vizit tou, yo ka mande w on 500 goud pou pi piti apeprè 5$ US. Si w konn bay pri, wa degaje w. Kannenm, se yon richès menm jan ak anpil moniman istorik peyi a genyen.

Si tout fwa ou pa renmen ni Flaman woz ni kwokodil, nan epòk pak, lak la pa sispann anime. Anpil klèb, espas ki bay sou lak la toujou ofri vizitè yo yon anbyans ke w p ap regrèt. Pafwa, fèt la konn pwolonje pou fèt lak la ki konn bout jouk nan mwa dawout, jeneralman se nan pak Kiskeya a ki domine lak la. Si w vle viv yon vrè pak Rara ayisyen, Lak Azuéi se yon kote pou ta vizite. Anplis de pak Kiskeya,gen lòt kote arebò pak la ki bay moun bon akèy. Nan lokalite Ganthier, w ap jwenn Zabeth springs, pa twò lwen lak la, ki bay moun posibilite fè natasyon aprè pou fini jounen yo nan lak la. Sunshibeach ak Estofabeach se de lòt kote ankò, w ap jwenn bò lak la, e ki bay plis detant. Pa twò lwen, w ap jwenn Cabane Hôtel Resto ki pèmèt ou reveye anfas lak la.

Pou fon ti vizit, li fasil. Si w ap sot Pòtoprens, w ap pran direksyon Laplenn, pase Gantye, Tomazo pou al bout Fon parizyen. Si w ap soti Sendomeng, sou tout wout la w ap jwenn bis transpò k ap mennen w dwat nan lak la. Ou ka pran moto tou si pòch ou bèl. Se pa yon sekrè pou pyès moun, Peyi nou chaje ak richès, men anpil nan nou pa aprann konnen yo. Kalte lak sa nou genyen an, se pa sèlman etranje ki kapab jwi l, ou menm tou. An atandan, ensekirite a fon bese, kòmanse prepare w pou bay Lak Azuéi yon ti vizit.


Redaksyon– LuckenslyLUMA

 



Lè w chwazi Kesso pou klere pyew, ou chwazi an menm tan fè ekomomi


paske nan kesso pri yo abòdab pou tout kliyan nou yo, vizite nou kouya san pèdi tan nan http://kessostore.com

8 vues0 commentaire

POSTS RÉCENTS

bottom of page
>