> La Romana, Repiblik dominikènYon Eksperyans inoubliyab >
top of page
Rechercher
  • Photo du rédacteurWilgens Sterling

La Romana, Repiblik dominikènYon Eksperyans inoubliyab


Vwayaje « La Romana », nan peyi repiblik dominikèn, kapab devni yon eksperyans enkonprab gars ak divès aktivite tankou : Admire ansyen ak nouvo zèv atistik yo, pase yon moman mèveye anba lanmè, mache sou divès plaj paradizyak, e’w answit fè plizyè dekouvèt anba tè (Gwòt),pran yon ti beny, pwomennen nan forè tropikal yo, pase kèk sware mouvmante ak pwofite de emosyon espòtif yo.


« La romana » jwenn non sa de yon ansyen balans womèn ke yo te konn itilize pou peze machandiz kap pase sou pò a e ki te pou yon fanmi ki gen orijin italyèn. Prensipal aktivite ekonomik yo se : Touris, Endistri ak Komès, e li se 2e vil ki pi rich nan peyi a. epoutan, prensipal rezon gwo devlopman ekonomik sa sòti nan Touris, se gras ak divès lyezon ke rejyon sa ak enfrastrikti touristik li yo, ki fè li devni destinasyon ki pi popilè nan peyi a.


Pami kote ki pi selèb nan vil la, fon rive wè « Obelisque de la Romana », « Leglis Santa Rosa de Lima », « Pak Santral », « Pak Rotonda » oubyen ankò « Monument à la Bible ». Nan zòn Romana, gen yon varyete de kote yon moun ka vizite, tankou : Casa de Campo, Altos de Chavon, Bayahibe oubyen Parc National de l’Este.


Anplis de tout sa, yon bagay ki rann vil sa vreman amizan ankò se divès tounwa golf ki toujou afiche nan zòn lan. Anplis toujou, wap gen opòtinite pouw asiste ak youn nan match base-ball pandan sezon regilyè yo a oubyen final la ki se espò ki pi popilè nan peyi sa. E san bliye pwofite de plizyè konsè ke yon souvan afiche nan « Altos de Chavon » lan ak divès jwèt atistik tankou « Gloria Estefan, Sting oubyen Andrea Bocelli »


Ou vizite La Romana déjà ?

 

12 vues0 commentaire

POSTS RÉCENTS

bottom of page
>