> L’ile sur la Mur, yon achitekti ekstraòdinè... >
top of page
Rechercher
  • Photo du rédacteurWilgens Sterling

L’ile sur la Mur, yon achitekti ekstraòdinè...


L’ile sur la Mur – Acconci Studio & Art & Ideo

Graz, 2001.

Li sanble ak yon nyaj oubyen a yon koulèv ki fèt an vè ak asye, (L’ile de Vito Acconci) sou rivyè « Mur à Graz » enplante nan aktivite vil « Autrichienne » lan kòm yon imaj toutafè inovan e patikilyèman oriante vè langaj peryòd sa.

Zile sa ki gen fòm zoo a sanble nan lannwit ak yon bagay ki vrèman mèvèye paske li limen avek yon limyè kap bouje detanzantan, se yon melanj pafè de « art et architecture ». Se yon espas ke yo skilte, yon rèv ki fini devni reyalite, ak yon vizyon ki pran yon dimansyon reyèl.

Zèv « Acconci » a reyalize parapò ak egzijans ke administrasyon GRAZ tap bay pou kreye yon bagay ki tap an mezi pou ran rivyè a devni yon espas frekantab. Mi an divize vil la men poukisa li pa fè yon eleman kote kap kapab relye 2 vil yo ansanm ?

Accoci te kreye yon platfom tou, ki kreye yon lyezon, kote kap pèmèt, lè yon moun ap travèse poul ka gen yon sansasyon fòt e plen ak emosyon : lèw antre nan koki sa ki gen fòm oval, donk fason moun yo wè vil la ak nati ki nan anviwonman transfòme an yon eksperyans sispendi, distant fizikman de youn lòt, epoutan ekzakteman nan mitan yo. Lè wap obsèvel pa deyò, li sanble ak kouvez.

Chak eleman ki fòme « koulèv” Acconci a gen yon fonksyon diferan: yon bar, yon teyat anplenè ak yon espas pou jwe ak amizman pou timoun.

40 vues0 commentaire

POSTS RÉCENTS

bottom of page
>