> Kèk kote ou ka fimen « Cannabis=marijuana » nan mond lan >
top of page
Rechercher
  • Photo du rédacteurWilgens Sterling

Kèk kote ou ka fimen « Cannabis=marijuana » nan mond lan

Pa gen anpil peyi ki legalize « Cannabis = marijuana”, men gen anpil ki depenalize’l. sa vle di, depi kantite pwodwi a pa anpil ebyen ou pap riske arestasyon. Paske plizyè eta pa jije konsomasyon pèsonel la etanke nwizib, men yo pa ankouraje komès plant la pou yo pa ensite popilasyon nan fimen. Konsomasyon ak pwodiksyon “Cannavis” nan mond lan reprezante plis ke 2 kilo pa segond. Avek kantite sa, li se dwòg ki pi popilè sou planèt la. Kounya ann al gade nan ki peyi ou ka fimen marijuna san’w pa kouri risk arestasyon ni fè fas ak la jistis.

Men 5 meyè andwa nan mond lan ou ka fimen marijuana san pwoblem:

Coree du nord (1): trè selèb pou youn nan eta ki trè represif nan mond lan. Epoutan pa gen okenn lwa ki egziste konsènan posesyon oubyen konsomasyon marijuana « Cannabis ». « Nord coreens » yo gen lontan yap itilize pwodwi sa kòm byenfè terapetik ou senpleman pou detann yo. Pwodwi sa vann direkteman sou tout tab nan mache kote ou ka achte yon santèn kantite pou yon ti kras monnen ewo. Touris yo toujou pwofite fimen nan moman sa pou detann yo pandan yo chita nan restoran, nan pak, tout kote y oye san choke pèsònn. Li pa vann plis ke yon ewo pa gram lan.

Uruguay (2) : se premye peyi nan mond lan ki te legalize konsomasyon marijuana. Sa gen kek ane, lalwa ratifye tout pwodiksyon marijuana sou otorite leta nan objektif pou yo ka konbat trafik dwòg la. Militan ki pou legalizasyon pwodwi sa soutyen demach la paske pwodwi sou kontwol ministè sante piblik, sa evite trafik « weed » ki genyen pwodwi nwizib landan’l. sa gen 7 lane ke peyi a tap aplike lwa sa, jiska akonplisman’l. pri mwayen an se 40 ewo pou selman 30 gram.

Oregon, Alaska, Eta Washington ak Washington DC, yo legalize marijuana; men se Colorado kite premye eta kite otorize itilizasyon dwòg pou amizman.

Gen lòt eta ki ouvri ak eksperyans legalizasyon an e yap reflechi seryezman sous a.

Barack Obama te declare sou sijè sa : "Comme cela a été révélé, j'ai fumé de l'herbe lorsque j'étais enfant et je considère cela comme une mauvaise habitude et un vice, pas très différent de celui des cigarettes que j'ai fumées lorsque j'étais jeune et jusqu'à un âge avancé de mon existence d'adulte. Je ne pense pas que ce soit plus dangereux que l'alcool." Nan lòt eta tankou Colorado, yo otorize famasi yo vann matijuana, sof ke fòk ou aje de 18 lane wap ka achete 40 gram pa mwa, sa kap koute 120 US.

Pays-Bas (4) : se yon peyi ki trè selèb ki pi toleran nan kontinan ewop la nan kesyon konsomasyon dwòg. Abitan yo ka achte e fimen nan coffee shop, men sitou yo ka posede jiska 5 gram marijuana san riske amand. Men depiw depase 30 gram, lalwa ak lajistis ap pouswiv ou. Ou ka achte 5 gram pou 40 ewo.

Portugal (5): byenke posesyon ak konsomasyon marijuana ilegal, men li depenalize depi lane 2000. Lalwa prevwa yon senp amand pou tout jèn ki aje de 16 lane kap konsome dwòg, kit se marijuana oubyen lòt dwòg. Nan peyi pòtigal ou ka plante gwenn kanabis la lakay ou pouw ka konsome pou kont ou an tout legalite. Wap jwenn li a 30 ewo pou 5 gram lam.

 

Pa bliye lè w panse fè oswa resevwa transfè jis panse Western-union



15 vues0 commentaire

POSTS RÉCENTS

bottom of page
>