> Krabi, destinasyon ideyal pou yon vakans san parèy >
top of page
Rechercher
  • Photo du rédacteurWilgens Sterling

Krabi, destinasyon ideyal pou yon vakans san parèy


Krabi se destinasyon vakans ideyal pou moun kap chache yon espas amizan nan sid peyi Thailande. Pwovens sa sitye’l ant Phang Nga ak Trang, li gen yon peyizaj enkwayab. Li gen plis pase 150 zile sou tout kot la ki gen 150km nan longè (kote ki chaje ak plaj fantastik, sab blan ak dlo tikwaz), li kouvri ak yon gran forè, yon gwo falèz kalkè, plizyè gwòt, kaskad ak yon vejetasyon egzotik, Krabi se yon gran chwa natirel ki ofri ak vizitè li yo yon pakèt aktivite, chaje ak lwazi pou tout fanmi an.


Ou ka ale de zile a zile, plonje avek « Tuba », eskalad, bato, divètisman nan forè a ak plonje anba dlo fè pati okipasyon oubyen aktivite ki pi popilè ke vizitè yo kapab apresye pandan vakans yo sou zile sa.


Destinasyon ki pi enpòtan yo se : Ao Nang, Railay, zile Phi phi ak Koh Lanta, epi zòn pi mwen rekonèt yo se : Ao Luk, Ao Nam Mao oubyen Ao Thalande, ak plis ankò. Pwovens krabi a li mwen devlope e li chaje ak « Phuket », li pi dekontrakte ke « Koh Samui », e li selman a 80 minit pa avyon de « Bangkok ». komanse sou yon vast ebèjeman jiska yon bidjè ki rich, provens sa se vreman yon destinasyon eksepsyonel.

 

14 vues0 commentaire

POSTS RÉCENTS

bottom of page
>