> >
top of page
Rechercher

Ki vil ki pi ere nan mond lan ?

Photo du rédacteur: Wilgens SterlingWilgens Sterling

Paris ? non non se pa li. Marseille ? rate ! ebyen se Los angeles ? ou fè fot pi red ! Ebyen vil ki pi ere nan mond kapab fèw sezi : Li se Séoul, nan peyi Kore di sid. Ou ta renmen konn kritè yo ? se Richès, bòn sante abitan yo, sekirite.


Eske wap parye ? se youn nan palmarès wap renmen si sa ale nan sans ou, men ou ka deteste si nou ta gen tò. Men sètfwasi, rezilta sa gen bagay poul siprann ou. Sou 100 vil ki te an konpetisyon, Séoul, kapital koreyèn lan, se gwo ganyan klasman sa ki te pibliye pa Arcadis, yon bwat konsèy « Hollandaise ». ou ta renmen konnen sou ki kritè yo te chita ? ebyen yo se : Inegalite salaryal, to kriminalite a, edikasyon, ekilib vi pwofesyonèl la, vi prive, sante ak chète lavi a.


Rapò a evoke : « politik vil metropolitèn lan ki ranfòse idantite vil la, konpetivite yo, devlopman yo, answit inovasyon an tèm de kalite de vi pou sitwayen yo. te genyen 139 pwojè sou 13 distri ki prevwa pou yo transfòme metropòl la oubyen kapital kòm yon vil sekirize, anbyans, enkwayab avek yon kote ki respirab »

E se poko fini : nan lane 2013, plizyè notab lokal yo te lanse yon plan « seoul 2030 » pou yo ka gen yon san diskriminasyon, chaje aktivite, kiltirel, dinamik nan tèm travay. Ou poko sezi !


Sètèn abitan nan vil la pa wè bagay yo menm jan, tankou jounalis « Chan May Choon ». li evoke kèk pwoblèm tankou : « presyon sosyal », « yon sosyete yerachize », « Stress travay » ki ta relye ak kilti koreyèn « ppali ppali » ki siyifi « Vit vit ! an kreyol». Anfen, fok nou pa two paranoyak. Seoul genyen 25,6 milyon abitan e yo konstwi metro ki pi long nan mond lan, avek 19 liy e 617 stasyon. Si Vil paris ta sanble long pou ou…sel mwayen pouw verifye : achte yon biyè epi wap wè mèvèy.

733 vues3 commentaires

3 Comments


jndario63
Aug 13, 2021

waw felisitasyon Staff Five Stars mwen apwann anpil bagay mwen pat konnen la , e si anpil paj o sit nan kominote a ta fe jeune nou yo abitye ak bel istwa ke yo defwa inyore sa tap rann nou gen yon lot mantalite sosyal e kiltirel.

ke Bondye beni nou chak ki nan staff la

Like
Wilgens Sterling
Wilgens Sterling
Aug 13, 2021
Replying to

🙏


Like

POSTS RÉCENTS

bottom of page