> Kay tonton nwèl nan peyi Larisi >
top of page
Rechercher
  • Photo du rédacteurWilgens Sterling

Kay tonton nwèl nan peyi Larisi


Tonton nwel nan peyi larisi pa abite nan pòlnò, men nan yon vil aktik nan peyi larisi. Li pa vin depoze kado nan lannwit 24 a 25 desanm, men se pito nan premye jou nan pwochen ane a. epoutan, larisi se yon peyi kote maji nwèl la rete inoublyab pou ni granmoun ni timoun : komanse nan patinwa, nèj, kolosal sapen nwèl, kont ak dekorasyon, wap rete bouch ouvè pandan vwayaj ou nan peyi larisi nan sezon ivènal la.

Fèt fen dane yo nan peyi larisi : Pandan nouvel an ap apwoche’l, larisi ap transfòme an yon veritab paradi tonton nwèl. Meteo a tou li rantre nan bote, ak nan anbyans lan men maji ivènal la sòti sitou nan tradisyon ak fèt selebre pa abitan yo.


Epoutan nwèl pa fete nan peyi larisi, wi li pa fete janw konnen’l de rès mond lan. Selon ansyen kalandrye a, nwèl òtòdòks la selebre nan lannwit 6 a 7 janvye. Se youn nan fèt ki trè relijye. ‘’russe’’ relijyez yo asiste ak yon mès lannwit e chante pou komemore nesans kris la ; lè lannwit lan tonbe, yo chita an fanmi alantou yon repa nwèl.


Wap jwenn nan peyi larisi yon maji nwèl ki preske inegale nan tout mond lan. Paske se 1e ak 8 janvye, ‘’russes’’ yo pwofite jou ferye yo, pandan ke yap vizite jeneralman fanmi yo ak pwòch yo. tout vil yo dekore avek de seri de kolosal sapen nwèl, e se nan tout rejyon yo nèt li konsa : kit se òtòdòks yo, boudis yo, ak mizilman yo…pwiske tradisyon ki asosye ak nwel la an ewop, ebyen nan peyi larisi, yo detache de relijyon.


An verite se nan lannwit nouvel an, de 31 desanm a 1e janvye, ke ‘’russes’’ yo resevwa kado nwèl yo. oubyen de « Grand-Père Gel », « Ded Moroz », pou’m ka pi egzat. Premye jou ane a se lakay an fanmi yo fete, bò sapen an avek tout kado yo te poze yo nan lannwit avan. Tradisyon sa pran nesans aprè revolisyon ‘’bolchevique’’: kote fèt relihyez nwèl la, te entèdi, e ranplase pa fèt nouvel an.


Si wap vwayaje nan peyi larisi avek timoun ou yo nan sezon ivènal, sitou pa rate okazyon pou’w mennen yo kay tonton nwèl. ‘’Ded Moroz’’ abite nan nò peyi larisi, nan vil ‘’Veliki Oustioug ». sa ap pranw anviwon 21è nan tren pou’w ta rive la.


Li ouvè depi lane 1998, rezidans tonton nwèl la resevwa 300 000 vizitè chak ane. Epi chaje lèt tou, pwiske se la ke tout lèt ke timoun yo voye bay tonton nwèl la rive pa lapòs. E siw pata ka pèmèt ou ale nan kay tonton nwèl la nan vil « Veliki Oustioug » la ebyen ou pa bezwen enkyetew : ou ka jwenn li tou nan vil ‘’Moscou’’ a ! laba tonton nwèl gen yon manwa an bwa nan pak ‘’kouzminki’’ a.

 

Yon sèvis san par èy, lèw vizite nou


19 vues0 commentaire

POSTS RÉCENTS

bottom of page
>