> >
top of page
Rechercher
  • Photo du rédacteurWilgens Sterling

Kay tonton nwèl nan peyi Larisi


Tonton nwel nan peyi larisi pa abite nan pòlnò, men nan yon vil aktik nan peyi larisi. Li pa vin depoze kado nan lannwit 24 a 25 desanm, men se pito nan premye jou nan pwochen ane a. epoutan, larisi se yon peyi kote maji nwèl la rete inoublyab pou ni granmoun ni timoun : komanse nan patinwa, nèj, kolosal sapen nwèl, kont ak dekorasyon, wap rete bouch ouvè pandan vwayaj ou nan peyi larisi nan sezon ivènal la.

Fèt fen dane yo nan peyi larisi : Pandan nouvel an ap apwoche’l, larisi ap transfòme an yon veritab paradi tonton nwèl. Meteo a tou li rantre nan bote, ak nan anbyans lan men maji ivènal la sòti sitou nan tradisyon ak fèt selebre pa abitan yo.


Epoutan nwèl pa fete nan peyi larisi, wi li pa fete janw konnen’l de rès mond lan. Selon ansyen kalandrye a, nwèl òtòdòks la selebre nan lannwit 6 a 7 janvye. Se youn nan fèt ki trè relijye. ‘’russe’’ relijyez yo asiste ak yon mès lannwit e chante pou komemore nesans kris la ; lè lannwit lan tonbe, yo chita an fanmi alantou yon repa nwèl.