> Jervis Bay, yon mèvèy nan peyi ostrali ki merite vizite. >
top of page
Rechercher
  • Photo du rédacteurWilgens Sterling

Jervis Bay, yon mèvèy nan peyi ostrali ki merite vizite.

. .

Jervis Bay, sitye’l a anviwon 3 zè de wout sid Sydney la, nan peyi ostrali (Australie) li trè rekoni akoz de sab blan kon koton li a sitou ak bèl vejetasyon’l yo, men se yon kote w'ap gen chans jwenn yon mèvèy kache ki alafwa etranj e mayifik. Sa pwodwi akoz de yon reyaksyon ki pwodwi nan yon « plancton » ; ki se yon ansanm de zannimo ak vejetal k'ap flote nan zòn akwatik yo.

Donk dlo «Jervis Bay » la prezante pafwa yon yon koulè ble vrèman eklatant tout bò rivaj la. Fenomèn natirel inabityèl sa, w'ap gen chans admire’l ke sèlman nan lannwit, a nenpòt moman nan ane a li ka bay reflè sa, men li pwodwi plis nan sezon prentan ak ete lè dlo a pi cho. Byen ke li difisil pou yon moun predi fenomèn majik sa, men nan lajounen prezans yon divèsite de « algues » wouj kapab endike yon gwo pwobabilite de reyalizasyon fenomèn sa pandan nwit lan. Si'w ta renmen imòtalize moman sa, asire'w ke ou ekipe‘w de yon kamera foto reflex. Mèvèy sa disponib pou tout vizitè, sitou fotograf pwofesyonèl oubyen amatè.

.

83 vues0 commentaire

POSTS RÉCENTS

bottom of page
>