> Jamayik touris, kilti ak richès >
top of page
Rechercher
  • Photo du rédacteurWilgens Sterling

Jamayik touris, kilti ak richès

Sèlman non peyi sa ou site sifi pou met souri sou vizaj ou. Tout moun raple yo de « Bobeurs jamaicains » yo ki te debake nan « JO de Calgary » nan lane 1988, kouvri nan koulè drapo jamayik la ki se jonn, vè ak nwa, san ke yo pat janm wè yon flokon nèj nan peyi yo.

Peyi sa gen yon figi lejandè, ki se « reggae », Bob marley, ki ofri byenveyans inivèsèl li ak mesaj pasifik li yo ak espwa ak gran zile karayib la atravè reggae a. anpil vizitè pa sispann swiv tras li, eksplore kay li yo ak stidyo li yo, yon kote ki konsève odè « Ganja », ki se non yon plant ke ou konnen sou non « Marijuana ».

Dènyeman yo legalize plant sa nan peyi a kote moun ka konsome’l pèsonelman, ki se yon plant ke abitan peyi sa vrèman renmen. E yo ba’l yon ti sinon ki se « L’herbe de la sagesse », e li gen lyezon ak mouvman rastafarien an, daprè yo, plant sa rapwoche yo de Bondye nan yon kominyon espirityèl, se sa yap rakonte lannwit kou lajounen.jamaique se yon zile ki chaje ak kolin, chaje ak mòn, desann jis rive nan litoral la. Kèk kote, vi liks la vrèman wo, yon kote ki chaje ak pye palmis, kokoye, kann, jaden bannann ak pye labapen. Bon si se pou bèl plaj yo pa manke sa ditou.


Sèl ti pwoblèm : gen anpil nan plaj sa yo ki pa bay twòp aksè paske yo privatize pa gwo chèn otèl yo, kote chak sezon yon foul ameriken debake sou zile a e ranpli plaj sa yo. annatandan yo kontante yo de sa yo genyen avan yo ta rive sezi nanm peyi sa ki pa sispann tòtire pa pase esklavajis li.

 

16 vues0 commentaire

POSTS RÉCENTS

bottom of page
>