> Isla saona youn nan zile ki pi vizite nan sidès repiblik dominikèn >
top of page
Rechercher
  • Photo du rédacteurWilgens Sterling

Isla saona youn nan zile ki pi vizite nan sidès repiblik dominikèn


Isla saona (zile soana) antoure ak bel plaj ak bel yon bel istwa, e li se youn nan kote ki pi vizite nan sidès peyi repiblik dominikèn. E se pou sa nou sijere’w kòm youn kote pouw ajoute nan lis pakou’w nan peyi sa. Li twouve’l nan sid Pak nasyonal ès la e li abite pa yon varyete de espès, tankou zwazom tòti, dofen, balèn ak lamanten, yon andwa ki vrèman frekante pa touris yo pou yo ka konprann mistè kote sa. Genyen selman 1200 moun ki abite sou li, nan ti kay ki fèt avek zèb e fèy palmis, paske se entèdi pou moun ta konstwi sou li, pou yo viv yo pratike pèch ak aktivite ki gen rapò ak touris.


Zile prezante yon sou yon tèren chaje ak wòch, avec anpil gwòt ak kavèn nan pati nòdwès zile a, e li se yon zòn ki vrèman entèresant gras avek yon bon nonb de eritaj endijèn ke wap jwenn nan espas la. Kot zile a chaje ak wòch ki trè ba antoure ak sab fen e se la wap jwenn sel andwa ki lejèman sou nivo lanmè a ki rele PUNTA ROCA.


Anplis, se nan pati zile a ke endijèn yo te pran refij yo a lepòk de Cotubamana, lè yo tap kouri pou twoup Juan Esquivel la sou zòd Nicolas de Ovando. Gwòt yo byen pwoteje anplis aksè a vrèman difisil e se pou sa yo te mete yo la pou pèmèt yo kenbe efè yo jiska lane 1912, lè akeològ nò-ameriken an « Teodore de Booy » te jwenn yo a.


Nan rès zile a, wap jwenn yon ekip lòt plaj avèk dlo klè ak sab fen ki montre diferan tonalite koulè ble yo, melanje avek limyè solèy la pandan li pral kouche. Li posib pouw kontanple divès kalite zwazo ki genyen sou zile a, tankou : Jako, kòbo, mouettes, perdrix gallareta, yaguazas ak pijon sovaj.


Zile a chaje ak richès ! Pouw anbake pou zile sa wap pase pa Plaj Bayahibe, e wap jwenn nenpòt ajans nan anviwonman kap ka ofriw excursion sa. Enjoy !

 

54 vues0 commentaire

POSTS RÉCENTS

bottom of page
>