Wilgens Sterling
Ile-à-Vache : yon bijou nan Karayib la
lle-à-Vache se yon bèl ti zile ki twouve l nan depatman Sid Ayiti, a 10 kilomèt vil Okay. Li chaje yon ekip bèl plaj. Zile a plen espès animal ak vejetal ou pa jwenn tout kote. Li etann li sou yon sifas ki mezire 45,5 kilomèt kare e li genyen plis pase 14 000 moun kap viv sou li. Prensipal aktivite moun sa yo se agrikilti ak lapèch.
Popilasyon zile a konsantre nan kat (4) lokalite : Madan Bèna, Kakòk, Gwo Mòn ak La Hatte. Pifò popilasyon an abite nan zòn Lwès zile a. Moun yo pa twò gen aksè a sèvis piblik yo, mete sou sa, manke enfrastrikti. Men sa pa retire anyen nan bote natirèl zile a.

An Ayiti kou nan peyi etranje, anpil moun konn zile a akoz li atire anpil touris. Majorite ensfrastrikti touristik yo nou jwenn yo nan pwent lwès zile kote ki gen gwo otèl yo Abaka Bay ak Port Morgan. Chak otèl gen pou pi piti 20 chanm, yon pò, yon sistèm dèlko ki fonksyone ak mazout, yon lyezon satelit, yon koneksyon entènèt, elatriye. Mete sou otèl sa yo, gen lòt otèl entèmedyè ki gen pò se vre men ki gen pi piti chanm ak mwens enfrastrikti. Gen kèk abitan ki konn loje vizitè lakay yo.
Istwa Zile a kòmanse pandan 17e syèk la lè zile a te tounen yon refij pou pirat yo. An 1668, Henry Morgan, yon pirat anglè, te echwe sou zile a ak yon bato ki te gen ladan l’ yon gwo trezò. Daprè sa yo rakonte jiskaprezan yo poko jwenn trezò sa a.