> Higuey, Repiblik Dominikèn >
top of page
Rechercher
  • Photo du rédacteurWilgens Sterling

Higuey, Repiblik Dominikèn


Vizite Higuey, sant nevraljik rejyon ès repiblik dominikèn ak alantou li yo


Menm si li te fonde nan fen XVe syèk oubyen nan kòmansman XVIe, gen 2 teyori ki egziste parapò ak evenman sila. Yon kote, yo di ke se « Juan de Esquivel » ki te fè konstwi yon fòterès nan zòn sa aprè li te fin pranl. Epi yon lòt kote, yo ta fè kwè ke se gouvènè « Nicolas de Ovando » ki te pran responsabilite chaje’l de konstriksyon sa pandan epòk konsolidasyon viktwa zile hispanyola.


Juan Ponce de Leon te abite la ant 1502 ak 1508, lè li te pati pou konkeri Porto Rico ak Florida. Konsa, se li ki te fè konstwi « Castillo de San Rafael des Yuma », a 24km de vil la. Bazilik Virgen de Altagracia, se yon batiman modèn an beton ak yon dizay orijinal, li konstitye de plizyè ak. Anplis de sa, tou prè bazilik la, li posib pouw jwenn plizyè « Bistrots », ak « buvettes| avek plizyè tab sou « Avenue Algracia », kote yo sèvi « sandwich , empanadas, ak lòt repa ak bwason, tankou byè, ji ak refresco ».


Vizite kot Higuey la e pwofite de plaj paradizyak li yo ki nan Boca de Yuma, punta cana, Bavaro ak Uvero Alto. Fèt patwonal Higuey yo selebre an janvye ak mwa dawout, gen yon moman pelerinaj, Mennen yon bèf jiska tanp “Virgen de Altagracia » epi yo ofri diferan aktivite ni pou vizitè ni abitan yo tou.


Ou vizite Higuey déjà ?

 

Bon jan sèvis, rapid epi garanti. Sa w ap tann zanmi m pouw kòmanse itilize sèvis sa sou sit la jis klke sou bouton rèserver a


POSTS RÉCENTS

bottom of page
>