> >
top of page
Rechercher
  • Photo du rédacteurWilgens Sterling

Gwòt vè limine waitomo yo nan peyi nouvelle-zelande

Li se yon gwòt limine ki ouvri ak tout vizitè. Dekouvèt espas ekstraòdinè sa fèt selman pa mwayen bato, nan silans, epi zye gran ouvè ! Gwòt sa sitye’l nan zantray tè a. sit la twouve’l nan nò King Country, sou zile nò nan peyi nouvelle-zelande lan. Depi Hamilton, Waitomo a li a 1h de wout. Anviwon 300 gwòt ki konpoze Waitomo, relye pa yon tinèl anba tè.