> Gran twou ble a nan peyi Beliz >
top of page
Rechercher
  • Photo du rédacteurWilgens Sterling

Gran twou ble a nan peyi Beliz


Li sitye nan yon etan, li se pi selèb men tou se li ki pi fon, aprè twou ble Dean lan ki nan bahamas. Gwo twou ble sa sitye’l nan amerik santral la. Li mezire 300m dyamèt ak 120m pwofondè ! Twou ble sa pa lwen de etan « Lighthouse Reef » la ki twouve’l a 80km Belize city. Karayib la reprezante youn nan pi gwo konsantrasyon twou ble nan rejyon an. Yon twou ble se yon gwòt anba dlo, yo rele’l tou “Doline”.


Jeneralman li gen yon fòm sèk, twou ble yo pote non yo gras ak fòt kontras ant ble fonse a ki koze pa pwofondè a epi ak ble tikwaz la, chaje ak wòch ak lòt resif tout arebò li. Se de seri de fòmasyon ki date depi sou epòk laj de glas, yon kolosal twou ki fouye apre anpil tan pa nati a. nan lane 1971, Calypso ak kòmandan Cousteau t’ale nan rejyon sa, se sa ki koz jwayo lanmè a selèb konsa.


Selèb fotograf la “Yann Arthus Bertrand” te ajoute nan espas sa koleksyon pi bel andwa lè wap gade’l depi syèl la. Epi li te note anba liv li a : « Bélize est un Pays relativement préservé du tourisme de masse et fait partie des destinations les moins touristiques”


Plonje nan gwo twou Beliz la, kote sa atire anpil plonjè ak anpil club najè ki pwopoze plizyè ekskisyon. Plonje yo fèt a 40m pwofondè pou rive jwenn twou ki genyen anpil « Stalactites ak Stalagmite » ki mezire plis pase 5m ! nap tou fè’w konnen ke yo egzije omwen ou konn naje, pipiti fok ou ta nan nivo 1 minimòm e pwofondè maximal la otorize jiska 45m.

 


16 vues0 commentaire

POSTS RÉCENTS

bottom of page
>