> Gdańsk : (Danzig an Alman) >
top of page
Rechercher
  • Photo du rédacteurWilgens Sterling

Gdańsk : (Danzig an Alman)


Se yon vil pòtye ki sitiye sou lanmè Baltik nan peyi Polòy. Li se vil prensipal ki te rebati aprè Dezyèm Gè Mondyal la, tout fasad li yo trè kolore, te gen yon bel mach trè Long, aprè yo te finn rebatil la se kay, boutik ak restoran ki okipe espas sa jiska jounen jodia .


Tou prè a wap jwenn estati an kwiv "Neptune" lan, ki se dye lanmè women yo. yon senbòl ki vle di anpil bagay pou vil la e li la depi 17yèm syèk la. E Gdańsk se pi gwo sant komès mondyal "Ambre". Se tout boutik nan vil la ki vann pyè presyez sa.🤩


E nap raple'w ke vil sila a te rive an 3e pozisyon nan konkou "European Best Destination nan lane 2017 la" sou yon nonb enpresyonan de 47 000 vòt.


Sa merite yon vizit wi saw di?😍

 

7 vues0 commentaire

POSTS RÉCENTS

bottom of page
>