> >
top of page
Rechercher
Photo du rédacteurWilgens Sterling

Gallipoli


Gallipoli sitye sou yon ti zile ki nan lanmè « Lonienne » lan, nan vil itali a. Vizitè yo toujou pwofite de yon bon ti beny avèk dlo tyèd nan lanmè a, yon plaj ki ase kalm kote ou ka repoze’w avek sèvyèt ou e pwofite de solèy la, yon destinasyon touristik ki pa twò frekante. Se yon andwa ideyal pou bon kwizin, kotew ka manje yon bon « carpaccio » pwason fre, moul ak pate nan aprèmidi, nan bar ‘’Buena Vista’’ Gallipoli. Nan sware, ou ka admire yon mayifik kouche solèy sou teras Bastione lan, nouriti a trè ekselan e peyizaj la majik e womantik, repa jounen an bay anpil posibilite pouw fè chwa ou vle a men gen plizyè lòt ki posib tou. Ou pa ta renmen al vizite Italie?

 


11 vues0 commentaire

Comments


POSTS RÉCENTS

bottom of page
>