> >
top of page
Rechercher
  • Photo du rédacteurWilgens Sterling

Fosse des Mariannes Kote ki pi fon nan mond lan

Nou vizite anpil bagay ki trè trè lwen de planèt la. N al sou planèt Mars, Nenpòt 14 moun gentan met pye yo sou lalin, anpil satelit deja lanse nan espas la. Men, èske nou konnen,a kote tout eksplorasyon sa yo, gen yon kote sou planèt la la, pa gen 10 moun ki vizite l. Jodia nou pral pale w de fosse des Mariannes, kote ki pi fon nan mond lan. Li retwouve l nan pati Nòdwès Oseyan Pasifik lan ak pati Lès Zile Marianne yo e tou pre Zile Guam, tout ti Zile sa yo sou kontwòl peyi Lèzetazini. Pwen ki ba nan fòs sa evalyea 10 984 m. Malgrepwofondè sa e pil presyon ki gen nan zòn sa, sa pa anpeche ke gen anpil bèt akwatik k ap viv ladann. Yon ti rale mennen vini sou ‘’ Fosse des Mariannes '' Se nan lanne 1875 ke yo te arive dekouvri fòs la. Se nan menm ane sa yo te pran tout premye mezi yo gras a entèvansyon HMS Challenger. Chif yo te monte a 8000 mèt de pwofondè. Men se jouk nan lanne 1951 ke yo te arive byen etidye fòs sa, avèk yon lòt ekip HMS Challenger, yo te menm bay pwen ki ba a pote non yo. ( Challenger Deep ) Yo te jwenn yon rezilta de 10 900 m de pwofondè. 23 Janvye1960, abò yon ti soumarenspesyal ( Bathyscaphe )ki te fèt pou desannkote pi fon nan Oseyan e ki pote non '’ Trieste '’,