> Estati Moai yo nan zile Pâques, en Polynesie >
top of page
Rechercher
  • Photo du rédacteurWilgens Sterling

Estati Moai yo nan zile Pâques, en Polynesie


Estati monimantal sa yo vrèman diven, yo drese nan oseyan pasifik la, yo se Moai zile pak la. Enpresyonan, kolosal, se plizyè zèv ansetral ki alinye pa milye ki vreman atiran. Zile Pak la se yon zile chilyèn ki twouve sou kot zile a, yo izole nan sidès oseyan pasifik la an « polynesie ». li a mwatye chemen ant kontinan sid-ameriken an ak Polynezi (Tahiti), zile miniskil sa sou yon kat mondyal rele « Rapa Nui ».


Zile sila rele « Isla de Pascua » nan lang espanyòl ak « Easter Island » an anglè. Li trè elwanye de tout lòt zile yo, se zile ki pi elwanye nan mond lan ! Li genyen selman yon ti ponyen abitan, 5700 resanse nan lane 2012 pou 164 km2. Se yon mwayen pou’n diw ke lap trè fasil pouw vizite paske pa gen anpil moun. E gen kat ki ka pèmèt ou lokalize zile a ak sit la san difikilte. Anblèm zile a, Moai se de seri de gwo dye an pyè ki te drese ant 9e ak 16e syèk. Se anviwon 900 monolit ki te eskilte nan « tuf oubyen wòch volkan » ki sòti nan karyè « Rano Raraku ».


Moai yo mezire jiska 9m de wotè e yo ka peze jiska 80 tòn ! Yo konstwi nan do oseyan an, kolosal Moai sa yo te la pou pwoteje pèp yo kont tout agresyon kap vini de mond eksteryè a. Estati sa yo posede a lorijin zye ki fèt an « Coraux blans» ak yon « iris en tuf volkanik wouj ». Plizyè akelòg ak lòt syantifik espesyalize te tante pèse mistè zile sa men konstriksyon estati sa yo toujou rete youn nan pi gwo defi pou yo. pou’w ka ale sou zile sa e gen chans admire estati sa yo, pa vreman gen anpil opsyon.


Ou ka ale sou zile an avyon, depi Santiago nan peyi chili, vol a ap dire 4h oubyen ou ka pase pase pa « Papeete, kap dire 5h vol ». Sezon ki pi cho a se de Septanm a Mas, e moman ki gen plis lapli a se Me ak jen. Epi Fevrye se peryòd ki atire plis moun paske se nan peryòd sa ke yo gen festival tradisyonèl yo a ki rele « Tapati ».

 

Viza oswa rezidans brezil la epi vin pran tikèw nan Five Stars Turismo


21 vues0 commentaire

POSTS RÉCENTS

bottom of page
>