Wilgens Sterling
Eske w konnen ki peyi ki pi ansyen nan mond lan
Thèbes, Athènes, Tyr, Jerusalem, Byblos, ou ka petèt konn tande pale de kote sa yo nan fim oubyen dokimantè. Mkonnen gen nan yo wap konnen e kèk lòt ou pap twò konnen e menm pa konnen youn ditou. E nap raplew ke vil sa yo date deja plizyè milenè.
Ou ka petèt ap mande eske yo egziste toujou, ebyen wi yo bel e byen la toujou. Epi menm jan ou wè vil ki pi ansyen yo nan mond lan egziste toujou ebyen se konsa peyi ki pi ansyen nan mond lan egziste toujou tou. Eske’w konnen peyi yo ki pi ansyen nan mond lan ? li posib ke’w ka konn kèk gwenn men petèt pat ou. Yo pa distenge selman pa pwisans ekonomik yo, demografik ou kiltirel yo. Yo genyen yon istwa ki senp, yon orijin ki remonte a plis de mil ane.
