> Eagle Beach nan peyi aruba, youn nan meyè plaj nan karayib la. >
top of page
Rechercher
  • Photo du rédacteurWilgens Sterling

Eagle Beach nan peyi aruba, youn nan meyè plaj nan karayib la.


Eagle Beach pa plaj ki pi selèb nan peyi Aruba, men se andwa reve pou tout moun kap chache trankilite. Avek yon bel lanmè trè kalm e ble, gen de pyebwa Divi Divi ki reprezante espas la sou kat postal zile a, kontrèman ak plaj ki nan alantou lan.


Se yon espas ideal pou rete anpè, san pèsòn pa annwiyew pandan ke wap pwofite de lanmè paradizyak ke zile a genyen. Se yon aktivite senp, chaje moun. Siw swete benyen trankil san bwi pa bliye meyè kote a se Eagle Beach nan peyi ARUBA.


Eagle Beach (oubyen AREND BEACH) se yon plaj ak yon katye ORANJESTAD, ARUBA. Katye sa celèb anpil pou dives plaj ak dividal piblik ke li rale. Se plaj ki pi laj nan peyi sa, sab blanch li yo vreman dou. Li te klase pami meyè plaj nan mond lan.


Se pa yon plaj kote moun ka kale kò yo. Paske yo entèdi moun ret toutouni menm janw konn abitye wè sa nan lòt plaj yo. Aprèsa ou ka rilaks ou san pwoblèm nan trankilite.

77 vues0 commentaire

POSTS RÉCENTS

bottom of page
>