Yon zòn de plis pase 50.000 ekta de tè deklare patrimwan mondyal limanite, youn nan sit paleyontoloji ki trè enpòtan nan mond lan.
Yo dekouvri espas sa depi lane 1930, rejyon sa gentan bay ak paleyontropològ yo plizyè trezò ansyen mond lan, sitou plizyè eskèlèt remakab de premye jenerasyon limanite a kew ka rekonèt sou non (Australopithèques), e ki date déjà anviwon 3,5 milyon dane de sa, yo fè pami pi ansyen eskèlèt ke moun pot ko janm wè jouk jounen jodya.
Rechèch yo kontinye ap vanse ak dekouvèt ki fèt preske chak jou nan vale « Sterkfontein » la, a anviwon demi èdtan de wout de « Johannesburg ». Yon sit pre-istorik ki gen yon enpòtans enòm nan istwa mond sa, li konpoze de yon karantèn de gwòt kalkè anplis de Sterkfontein, kote yo se pi ra espas ou ka vizite, kotew ka jwenn plis pase yon tyè eskèlèt tout planèt la ke yo te jwenn.
Espas la deklare ke’l se patrimwan mondyal de Unesco, espas la konplètman refèt jounen jodya e li pwopoze jodya yon sant pedagojik ak tout yon vizit gide nan galri yo ak sous dlo ki anba tè a. gid espas la se plizyè ekspè inivèsitè ki konpoze’l, kap edew fè konensans ak tout espas la.
Imajinew lavi an afrik di sid depi plizyè million ane. Men kounya, ou gen opòtinite pouw vizite istwa mond sa a Gauteng, ki twouvel nan nò de Johannesburg.
Chwa entèlijan an!!
Comments