Chato de Vèsay, se yon moniman istorik fransèz ki sitye nan vil Yvelines à versailles, chato vèsay la se te rezidans wa fransè yo depi lane 1682 a lane 1789 de Louis XiX a Louis XVI. Chapel wayal la se youn nan pi gran chedèv sakreki pa janm egziste, fèt pa 2 achitek, 8 atis pent ak 110 skiltè ki te mobilize pou konsevwa e reyalize mèvèy sa.
Chato sa gen yon gwosè kolosal telman li enòm, se yon bagay vreman spektakilè ! yo rele’l mize istwa lafrans. Atravè trezò sa li genyen 2300 pyès ak 800 ekta de tè pou jaden, yo itilize 1000 pyès ladanl jounen jodya pou mize, sou yon sipèfisi de 63 154m2. Se petèt richès espas la ki fè non chato sa. Kit se brik, kit se stati oubyen chema ki fè pati achitekti chato a, majorite fabrike avek pyè presyez. Nan epòk XVIIe, Wa Solèy te transfòme kay papa’l an yon palè monimantal, Louis XIII, nan sidès vil paris, poul te ka enstale tout koutizan li yo.
Versailles, se yon senbol strikteman wayal ak yon anblèm atistik klasik fransè, ki te devni syèj jiridiksyon, depi lane 1682 nan peryod revolisyon fransèz la. Chato a klase nan patrimwan mondyal Unesco, li atire plis pase 7.000.000 vizitè chak ane. li evoke avek splandè istwa wayote fransèz la, swivi de konplo, de trayizon, konplikasyon amourez ak politik ki te genyen nan epok la. Youn nan espas ki vreman fè kontantman vizitè yo se « Galri glas la » ki se yon mèvèy daprè yo. Se yon espas chaje ak sipriz, siw swete fè yon vizit ou met rasirew kew pap regret e’l posib pouw renmen yon lot bagay plis ke « Galri glas la » selon gou’w.
Five Stars Turismo toujou o sèvis ou, san bliye Kesso ki la pou klere w...
Comments