> >
top of page
Rechercher
  • Photo du rédacteurWilgens Sterling

Chapèl Wayal Milot : ekspresyon lafwa Henry Christophe


Nan dat 10 me 1860, Fabre Nicolas Geffrard, ki te prezidan Ayiti nan epòk la, siyen ak legliz katolik yon akò ke tout moun konnen sou non Condordat de 1860. Nan siyati sa a se te yon sèten Pierre Faubert ki te reprezante Leta ayisyen. Pierre Faubert se te moun Okay. Nan lide pou onore memwa l’ gen yon lekòl nasyonal nan vil la ki pote non l’.


Avan de (2) pati rive siyen akò sa a gen anpil demach dirijan ayisyen yo te fè men ki pat reyisi. Premye kontak yo te fèt sou Boyer an 1821 men sa pat mache, Boyer eseye an 1824, dezyèm kontak sa a pral jwenn Yon repons favorab men li pat abouti à rezilta gouvènman ayisyen an tap tann nan. Pou pale yo te dire prèske 40 lane e te genyen 3 pwojè de Concordat. Lè nap pale de Concordat, fò n’ pa konfonn Concordat de Damien avèk Concordat 1860 lan. Concordat de Damien an te siyen 24 septanm 1791, se yon trete ki te akòde dwa de vòt a afranchi yo tandiske Concordat 1860 lan li te siyen ant Leta ayisyen e Vatican.


Demach sa yo montre legliz katolik te la depi nan fondasyon Leta ayisyen an. Dayè se legliz katolik ki te rekonèt endepandans nou an premye. Gen plizyè lòt fè ki kapab montre prezans yo nan peyi an depi nan kòmansman, tankou kouwònman Dessalines ak Henri Christophe ke pè Corneille Brelle te fè. Egzanp ki plis temwaye de prezans Legliz katolik an Ayiti se chapèl wayal Milot a.


Chapèl sa a oubyen katedral pou kèk moun, te konstwi ant 1811 e 1813. Nap raple an 1811, Henri Christophe nome tèt li wa. Li pral konstwi palè Sans-Souci ki ap sèvi l’ rezidans. Selon yon tradisyon, pa gen palè san legliz. Ebyen Christophe ki te tou yon fran katolik pral angaje achitèk Joseph Chéry Warlock pou konstwi chapèl la.

Chapèl la twouve l’ nan rantre palè Sans-Souci a, sou tèt montay Bonnet à l'Evêque. Kite m’ souliye pou nou, palè Sans-Souci, Sitadèl Laferrière ak les Ramiers yo tout yo konstwi sou yon sipèfisi 25 kilomèt kare. Chapèl la fèt an sèk se sa k’ fè yo rele l’ tou legliz won. Li gen yon twati an fòm bòl ki gen yon dyamèt 27,50 mèt. Twati a fèt avèk asfalt melanje ak amyant. Nan fasad legliz la nou jwenn 4 poto, sou tèt poto yo gen yon devanti ki fèt an fòm triyang izosèl. Genyen 20 000 ansyen esklav ki te patisipe nan konstriksyon chapèl la. Li te dedye a Immaculée Conception. Li te sèvi tou kòm mozole paske gen anpil prèt ak ofisye ki antere ladan l’.

An 1842, yon gwo tranblemanntè detwi vil Okap. Nan okazyon tanblemanntè sa a, twati chapèl la te efondre. Li pral rete abandone pandan plizyè ane. Nan ane 1930 yo, prezidan Stenio Vincent pral restore li nèt men se Albert Mangonèse ki pral refè twati a an 1970. Pou moun ki pa konnen, Albert Mangonèse se li ki te fè estati Nèg Mawon ki channmas la. Dènye ane sa yo, li te deteryore nèt. An 2017, ISPAN pral pase men ladan l’ pou bouche goutyè yo.

An 1982, palè Sans-Souci ak Sitadèl Laferrière vin fè pati patrimwàn mondyal UNESCO. Chapèl la ki sou menm sit la tou vin fè pati patrimwàn mondyal la.

13 zan aprè, prezidan René Préval pral pran yon dekrè nan dat 28 out 1995 kap klase sit la patrimwàn nasyonal.

Britsoukou, dimanch 12 avril 2020 an yon gwo dife eklate nan legliz la epi boule l’. Selon sa kèk endis montre, insandi sa a plis sanble yon insandi kriminèl. Dife a pran vè 3h di maten. Yo rele ponpye, malerezman yo pat rive atan e lè yo rive a yo pat ka entèvni pou divès rezon. Legliz la gentan boule. Se dezyèm legliz ki fè pati patrimwàn nou ki pase anba dife aprè ansyen katedral pòtoprens lan.


Kòm legliz la sou lis Patrimwàn mondyal UNESCO, li oblije refèt a lidantik, men, daprè sa direktè IPSAN vle fè kwè rekonstriksyon sa a ap difisil paske manke mwayen pou sa daprè sa Jean Patrick Durandis, direktè ISPAN, an deklare.

Nap fini pou nou di nou, chapèl wayal Milot a gen yon valeur symbolique paske li fè pati premye moniman ansyen esklav yo te konstwi aprè yo fin endepandan


25 vues0 commentaire

Comments


POSTS RÉCENTS

bottom of page