Cancun se yon vil ki vrèman mayifik ak anpil koulè. Li selèb pou plaj paradizyak ak sab blan ki antoure ak lanmè karayib la. Vil la sitiye’l nan kot nòdès preskil Yucatan, nan eta Quintana Roo.
Li rekonèt mondyalman etanke pi bèl estasyon balneyè ki nan peyi meksik, Cancun se yon vil chamant ki deja sedwi plizyè eksploratè. Espas divètisman li yo, otèl de liks li yo, tèren golf li yo, san bliye restoran entènasyonal li yo. Vil la gen tout bagay pou fè plezi ak tout vizitè li yo. Depi'w rive sèlman, vil adorab sa ofri'w yon gran chwa aktivite ak anbyans san parèy, pak li yo, espas espòtif li yo.
Anfen lwazi nan vil sa se dwèt sou bouch. Deja nan lekti sèlman w'ap santi se yon vil ki merite vizite, pa di ke’w pa gen anvi vizite vil sa non ? repons nan espas komantè a nap reponn ou !👇👇
Comentarios