> >
top of page
Rechercher

BYENVINI NAN PUERTO PLATA.

Photo du rédacteur: Wilgens SterlingWilgens Sterling

Puerto plata se bèso touris nan repiblik dominikèn, kote sa pa sispann siprann vizitè li yo, e fè gwo enpak enpòtan sou yo. Peyizaj li ; kolosal ak yon bote espektakilè, san bliye lanmè li yo se waw, mòn li yo byen bwaze, ak vale li yo ki vreman mèveye a gade, rivyè ak divèsite plaj li yo. Tè li yo vreman bon pou plantasyon, sitou plantasyon kakawo ak kafe, pandan ke anba tè li a ranpli ak (ambre) ki pi klè nan mond lan ;(Ambre : yon pyè presyez ke yo itilize anpil pou fè bijoutri, answit yo itilize’l tou pou fè medikalman spesyal).


Christophe Colomb, yon eksploratè abil, te toujou pèswade ke’l te ka fè yon gran dekouvèt sou litoral atlantik nò a, li te finalman jwenn yon kolosal min dò, nan moman ke li te sou bato li a nan lane 1492. Atire pa bel nyaj la ki te sou tet mòn izabel (Mont Isabel de Torres) kap klere sou litoral ble de Puerto plata, kote li te rele rejyon an « Port d’argent » « Puerto plata ». kote li te enstale’l nan vil Isabela avek yon kominote Tainos ki se premye abitan rejyon an. Answit Espanyol yo te konstwi premye leglise yo ak premye kay li nan kontinan amerik la. Siw gen entansyon al fon vizite lòt bò a, sonje swiv tras Christophe Colomb, kote wap gen chans konnen plis bagay sou li parapò ak displin (Archeologie) a. kote dezòmè yo ajoute sa nan pak nasyonal la.

 




183 vues0 commentaire

Comments


POSTS RÉCENTS

bottom of page