> >
top of page
Rechercher
  • Photo du rédacteurWilgens Sterling

Belle-Ile-en-mer


Byen ankre a 15 km de ‘’Quiberon’’ nan depatman ‘’Morbihan’’ nan peyi lafrans, sitye nan rejyon ‘’Bretagne’’. Belle-ile-en-mer dwe repitasyon li gras ak peyizaj ekspesyonel li yo, falèz dechire, panorama grandyoz, land ak sab prezève. Li gen yon longè de 20km ak 9km de laj, pi wo ak 71m, se pi gran zile ‘’Iles du Ponant’’. Gen plizyè sit enkontounab sou zile a, tankou : ‘’La citadelle Vauban, Les Aiguilles de Port Coton, La Pointe des poulains, le port de sauzon, ak grand Phare de Goulphar. Vizitè tankou Sarah Bernhardt, Gustave Flaubert, Claude Monet ak anpil lòt tonbe sou cham zile sa.


Vizite Belle-ile, sa posib pandan tout ane a. plizyè konpayi asire travèse vizitè yo, pafwa depi nan depa ‘’Quiberon’’ oubyen ‘’Vannes’’, Port Navalo, Locmariaquer nan moman sezon. Konte minimòm 45 minit pou travèse.


Li genyen 58 plaj, 2 pò, 82.5 km santye kokoye (4-5 jou pou fè tout a pye). Belle-ile, se youn nan nati ki varye e prezève, kote nati a fè yon sel. Zile a ofri tou yon patrimwan kiltirel ki eksepsyonel avek plizyè sit istorik san parèy.