
"Basen ble" se yon sit natirèl ki twouve'l nan vil "Jacmel", ki se pwovens ki te premye gen kouran nan peyi dAyiti, ki sitye'l egzakteman nan depatman sidès peyi a, sit sa antoure de yon vejetal vèt enkwayab e se yon kote ki vrèman ekstraòdinè e sa koz ke natif kou vizitè pa konn gen anvi kite'l lè yo al vizite'l.
Sit natirèl sa konpoze de 4 basen, tankou:
- "Basen cheval" : ki gen 2.7 mèt de pwofondé ,
- "Le Yes Profond" : ki gen 4.6 mèt pwofondè,
- "Le palmiste profond" : ki gen 17.4 Mèt pwofondè
- "Le Basin clair" se li anpil moun konnen, li gen yon pwofondè de 22.8 mèt, Kouran dlo pa'l la pi pwisan sa rann li plis paret ke tou lòt yo.
Eske ou vizite'l deja?
Mkonnen anpil moun Jakmel toujou ap fè dyòlè pou sa men yo paka pa fyè de li vre paske li bel.
Comments