> Bahamas : 5 bagay ou dwe konnen >
top of page
Rechercher
  • Photo du rédacteurWilgens Sterling

Bahamas : 5 bagay ou dwe konnen


1- Tè migrasyon

Bahamas, se yon achipel de 700 ti zile (gen 39 ki abite) ki sitye a 80km nan sidès kot floride, tou prè de Jamaique, de cuba e Haiti ki souvan itilize tankou yon tè tranzit pou kek imigran kap chache rantre Etazini. Daprè rapò « office international » pou migrasyon, anviwon 5.000 migran Ayisyen kap travay legalman nan Bahamas, men 20.000 a 50.000 de konpatryot ayisyen yo ta etabli yo ilegalman nan peyi a ki gen 385.000 abitan daprè bank mondyal. 85% de popilasyon an gen orijin afrikèn. Pozisyon jeografik achipel la koz li devni yon mache pou trafik dròg, yon bagay ke Etazini ak otorite peyi sa ap lite ansanm chak jou.

2- Paradi touristik ak fiskal

Tourism a 80% vini de Etazini ak yon chif de 4 milyon de vizitè pa an, e se prensipal resous peyi a (60% PIB a plis ke 12 milya dola). Yo anplwaye mwatye nan moun ki avanse an aj yo a travay nan achipel la. Prensipal atraksyon zile sa se “Atkantis Paradise Island”, ki se yon gwo konplèks touristik ki sitye’l fas a kapita Nassaum sou zile « Paradise island ». peyi a te vreman frape pa yon kriz nan lane 2008 la, epi kwasans lan rete fèb (1,4% nan lane 2017). Gras a yon politik fiskal ke yo devlope ki pot anpil avantaj, endistri bankè se 2em sektè ekonimik peyi a (1/5e du PIB).

3- Refij star yo

Achipel la akeyi anpil selebrite, Ecossais Sean Connery, ki reside lontan Bahamas pou rezon fiscal, epi ameriken Jhonny Depp, tankou plizyè lòt stars ki posede pwop zile prive yo. Mizisyen New-yorkais a ki se Lenny Kravitz ki konsidere achipel sa kom “pays de cœur » li, a raple ke li gen yon manman bahameyèn, li te izole’l sou zile sa poul te ka reyalize dènye album « Raise Vibration » 2018.

4- 2 parti politik k'ap dirijel (Bipartisme dominant)

Zile sa endepandan depi lane 1973 e yo se manb Commonwealth, Bahamas genyen pu chef deta « Reine Angleterre », Elizabeth II. Ki fe pati (PLP : Progressive Liberal Party) ki te domine lavi politik la pandan 2 premyè deseni de endepandans yo, jiska viktwa (Free National Movement : FNM) nan lane 1992. Depi lò, 2 fòmasyon sa yo dirije peyi sa altènativman. FNM te genyen eleksyon an nan lane 2017.

5- Bahamas souvan frape pa plizyè ouragan ak tanpèt tropikal.

Nan lane 2004, yo te jwenn 9 moun mouri aprè pasaj tanpèt oubyen siklòn jeanne lan. Nan lane 2016, pandan pasaj siklòn Matthew a, aeropò yo te fèmen epi otorite yo te mande pou tout moun te monte nan mòn, pou yo te ka nan yon nivo ki wo sou zile a, paske yo te pè pou dlo pat monte. Malgre tout dega ou te konnen siklòn sa te fè, pat gen okenn viktim ki te anrejistre. Nan lane 1999, siklòn Floyd te akonpanyel de yon vag ki te gen yon wotè plis pase 15m ki te inonda plizyè zile, ki te fè plizyè mò avek anpil dega enpòtan sou zile a, ki te mete ekonomi yo ajenou.

 




745 vues0 commentaire

POSTS RÉCENTS

bottom of page
>