> Annecy, vil amoure yo🥰 ! >
top of page
Rechercher
  • Photo du rédacteurWilgens Sterling

Annecy, vil amoure yo🥰 !


Siw pase pa Sidès peyi lafrans, wap jwenn yon vil chamant, ideyal pou pase yon week-end damou avèk lòt mwatye’w la olye de yon vakans an fanmi. Vil sila rele « Annecy ! », Lak, kanal, ajden ak aktivite familyal se vrèman mèveye e atiran pou pèsòn pa ezite vizite’l.


Annecy, se yon vil fransèz ki sitye l nan Alpes, yon vil fransèz ki chaje ak cham, ke yo konpare souvan ak youn nan vil ki pi womantik nan mond lan ki se « Venise ». Wap mande poukisa ! ebyen se paske vil sa, travèse pa plizyè kanal ki sanble ak sa ki genyen nan vil selèb itali a ki se « venise ».


Tou 2 kote kanal yo, wap jwenn plizyè kay ki kolore an pastel ki vrèman antre nan fè cham vil la, avèk plizyè achitekti orijinal pou dekouvri pandan wap fe ti pwomennen sou dlo kanal yo. amoure yo adore fè ti flannen nan riyèl yo men nan men pou vizite Annecy, pandan ke yap pwofite de anbyans tèt poze ke vil la ak abitan vil la ofri yo. Se vrèman bel !


Ou pa ta renmen al viv an ewop ?💖🥰

 

15 vues0 commentaire

POSTS RÉCENTS

bottom of page
>