Depi’w di Mexique ou tou di « Acapulco ». nòmalman, Acapulco se youn nan destinasyon ki rekonèt anpil pou plaj li yo, ki pi ansyen e ki pi tradisyonèl nan peyi Mexique. Non sèlman li se yon destinasyon ki trè favorab pou touris akoz de bel plaj li yo, men pou istwa li tou. Acapulco se yon vil ki gen yon pase trè rich ! Li chaje ak moniman istorik, tankou fò san diego, ki gen ladan'l mize istorik ki nan vil la. Zòn touristik Acapulco etann li depi lanmè prensipal la (Bahia de Acapulco), jiska (Punta Diamante). Laba w'ap jwenn de seri de bèl restoran ak kwizin entènasyonal, disko, plizyè otèl, Plaj ak sab blan, boutik, tèren golf ak tout sòt lòt atraksyon ki ka fè plezi ak tout tip de moun.
Acapulco, youn nan pi gran sit touristik nan peyi meksik.
Dernière mise à jour : 25 juin 2021
Comments