> 7 sekrè sou Burj Al Arab, sèl otel 7 etwal nan mond lan >
top of page
Rechercher
  • Photo du rédacteurWilgens Sterling

7 sekrè sou Burj Al Arab, sèl otel 7 etwal nan mond lan

1- Yon desepsyon pou kòmanse

Avan menm nou pale de tout bagay ekstraòdinè ki gen nan sel gwenn Otel sa nan mond lan, ann kòmanse ak yon verite ki desi’w. Burj Al Arab la pa vrèman yon Otel 7 etwal vre paske li selman afiche ofisyelman yon standa 5 etwal. Donk standa entènasyonal yo anrejistre ke selman maximum 5 etwal e se selman avi otelye yo ki atribye’l yon klasman spesyal 7 etwal akoz ke prestasyon yo vrèman liksyez.

2- Li se yon kote enkwayab men ki reflechi

Burj Al Arab sa w'ap admire a nan peyi Emirates Arabes unis, presizeman nan vil Dubai la, pa't konstwi konsa konsa. An verite, li se Otèl nan mond lan ki konstwi sou yon zile atifisyèl. Epi oryentasyon’l se pa yon aza pwiske otèl la te konstwi yon fason pou ke lonbraj batiman an pa janm rive kouvri plaj otel la.

3- De seri de chanm enkwayab

Malgre wotè enkwayab Burj Al Arab se (321m), Otel la genyen selman 202 chanm avèk douch prive. Pami 202 chanm sila yo, w'ap jwenn 142 swit de liks ak yon chanm, kote pi piti a mezire 169m2, 28 swit ak 2 chanm, men tou 18 swit panoramik, 4 swit club, 6 seit diplomatik, 2 swit prezidansyel ak 2 swit wayal ki gen yon mezi de 780m2 pou yon sòm de 140 000 dola pa nwit.


4- De seri de restoran enkwayab

E sim di'w ke sa'w sot li yo poko janm anyen, ann swiv avèm! M pral fè'w anvi ale Dubai kounya menm. Ebyen m'ap fèw konnen ke kliyan ki gen anpil lajan ki reside nan Otel sila, yo gen chwa ant 9 restoran. E 2 sa ki pi enkwayab yo se “Al Mahara” ki sitiye’l anba lanmè a ki bay enpresyon ke w'ap manje nan yon aquarium kolosal epi “Al Muntaha” ki li menm sitye’l a yon wotè de 200m pou pwofite yon vu panoramic sou tout vil la.

5- Yon Bar ki baw enpresyon kew nan yon mond imajinè

Yon istwa ki vrèman enposib pou kwè konsènan Burj Al Arab la: salon bar la rele « Le salon Junsui » li genyen yon plafon ki kouvri ak 29 000 kristal « Swarovski” yon fason pou li reprezante “voie lactée” a. (lespas an bon kreyòl).



6- Youn nan Spa ki pi liksye nan mond lan

Yo rele’l (Le Talisse Spa), se yon kote ki tou senpleman diven. Epi dayè li ranpòte pri « Meilleur Spa d’hotel de luxe » nan kategori « Gagnants mondiaux des Worl Luxury Spa Awards » pandan 2 fwa. Ou ka imajine kòman li enkwayab !




7- Yon dekorasyon de 4 eleman

Se « Cheikh » Dubai la ki deside de dekorasyon entèryè batiman an e kòm lòd ke li resevwa, dekorasyon an dwe sanble ak 4 eleman yo, tankou dlo, dife, van ak tè. Se pou rezon sa otèl la sanble ak yon vwal bato, kote li genyen anpil fontèn ak anpil aquarium ki okipe tout espas piblik yo. answit imaj tè a ta sanble reprezante 24 000 m2 Mab ak pyè presyez.


 

103 vues0 commentaire

POSTS RÉCENTS

bottom of page
>