Jakmèl sityel a 86km de Pòtoprens lan, vil jakmel rekonèt entènasyonalman pou patrimwan istorik li tankou (Fort Ogé), ak atraksyon’l touristik li yo, tankou : (Bassin bleu, Raymond-les-bains, Cyvadier) pou kanaval li ki toujou distenge de tout peyi a, kote ou ka jwenn gwo mask an papye. Site Alcibiade Pomeyrac la se maman de seri de gwo pèsonaj politik, atistik, literè tankou Prezidan Michel Oreste, tankou pent Prefete Depestre. Kote li te di nan yon entèviou li te akòde ak radyo Frans entènasyonal an oktòb 2009 avek fyète : « Si je devais utiliser un seul mot pour definir Jacmel, la ville de mon enfance, ce serait : emerveillement ». kounya e si nou komanse ak 8 fè enpòtan ki make istwa gwo vil sila.
1- Nan lane 1698, se te fondasyon Jakmel. Se te yon ti vilaj a lepòk. Non li derive de yon defòmasyon lengistik ki vini de yon flibistye fransè, Jacques Melo ; otrefwa li te ekri « Jacquekmel ». tout nan moman revolisyon an, jakmel te genyen anviwon 160 kay. Se jis an 19e syèk li te komanse devlope nòmalman.
2- Nan lane 1806, yon 12 mas, jeneral Francisco de Miranda te kreye nan vil la, drapo peyi Venezuela.
3- Nan lane 1816, Jakmel te akeyi liberatè peyi venezuela, « Simon Bolivar », vil sa te jwe yon wol desizif nan mouvman liberasyon amerik disid la.
4- Nan lane 1876, nan zòn 7 mas yo, Jakmel te leve kanpe kont prezidan Sendomeng lan.
5- Nan lane 1895, yon gwo dife te detwi katye ki te nan bò lanmè a, enkli yon gwo Sant dafè. Selon sit Haiti Cherie, jakmel te konstwi swivan ansyen model kay prefabrike yo, ou ka jwenn an Ewop, pou plis presizyon nan peyi Belgique. E se konstriksyon sa ki bay vil sa yon vizaj apa e esepsyonel.
6- Nan lane 1925, Jakmel te devni premye vil ki te gen kouran nan peyi a
7- Se te nan lane 2014, UNESCO te dezinye Jakmel kom « Ville Creative » pou envestisman’l nan kilti yo, tradisyon yo, atizana yo ak atis li yo.
Èske se vre?😏
Comments