> 7 bagay pouw konnen sou norvege >
top of page
Rechercher
  • Photo du rédacteurWilgens Sterling

7 bagay pouw konnen sou norvege

Vwayaje nan peyi norvege se rèv anpil moun. Peyi a avek plizyè rivyè majestye, lak kristalen li yo, ak yon pakèt forè, san dout li se youn nan espas ki vrèman orijinal nan kontinan ewopeyen an. Anplis de tout bèl peyizaj li yo, mete avèk panorama li yo ki san parèy ak de seri de peyizaj granpanpan ke nou ka sèlman kalifye de enòm e kolosal, ebyen norvege se bèso yon istwa ki rich, sa gen plizyè milye ane ; e ki posede yon kilti ki inik a yo menm. Kit ou te gen entansyon vizitel oubyen ke'w senpleman kirye pou konnen jwayo sa, ebyen men kèlke fè entèresan sou Norvege.

1-Vwayaje an Norvege pou'w ka wè Wout tinèl ki pi long nan mond lan

Yon longè ki vrèman enpresyonan ki se 24,5 km. Tinèl Laerdal se wout tinèl ki pi long nan mond lan. Li relye anviwon 2000 kondiktè pa jou ant kominote wout Aurland yo ak Laerdal yo; a anviwon 200 km de Bergen. Anplis de sa, Tinèl Laerdal la jwe yon wòl kle nan lyezon transbòde yo ak lòt de gran vil peyi Norvege la ; ki se Oslo ak Bergen. Konstwiksyon sa koute yon sòm de yon milya de kouwòn norvegiennes, ki egal a 110 milyon de dola.

2- Li gen zile ki pi elwanye nan mond lan

Answit, Li enposib pou'w vwayaje nan peyi Norvege san'w pa vizite zile Bouvet . Ki twouve’l a 1700 km de kot nò antatik la. Li pa Sèlman zile ki pi elwanye nan mond lan men li se yon teritwa norvegien. Ki pèdi ant pwent Afrik di sid la ak rèn Maud nan Antatik la, zile a konstitye de plis de 90% de glas. Youn nan bagay ki pi etonan ankò se fason zile sa te fòme a, se a pati de yon vòlkan. Etonan pa vre ! epi kote ki gen moun ki pi pwòch de zile sa, twouve’l a 2259 km. Falèz li yo ki kanpe nan tout kot zile sa rann aksè a trè difisil men se yon espas ki atire syantifik yo anpil depi déjà plizyè syèk.

3- Peyi sa gen 2 fòm de lang

Peyi norvege gen 2 lang ofisyèl : (Le norvegien ak Le Sami). (Le norvegien an : gen 2 fòm ekriti ki se « Le bokmal » ak « Le nynorsk ». Premye a se li ki pale nan tout peyi a, epi dezyèm lan pi popilè nan zòn agrikòl yo oubyen zòn provens yo, sitou nan zòn (Fjords de l’ouest) yo. Men tou 2 lang yo aprann nan klas lekòl, ni nan difizyon televizyon yo ak biwo gouvènmantal yo. epoutan, menm si yo ta separe de youn lòt, yo trè konpreyansib.

4-Vwayaje nan peyi Norvege pou'w ka wè pi gwo twoupo (Rennes) ewòp yo

Ou kapab petèt sezi aprann ke mwatye nan sid norvege la, donk mwatye (arctique) la, trè rekonèt pou popilasyon Renne li yo. Se pi gwo plato montay an ewòp, epi avèk pi gran twoupo (Rennes) nan kontinan ewopeyen an, ki chita atravè sid norvège la. Sa gen anviwon 30000 a 35000 rennes sovaj ki repati an 23 twoupo ak lòt popilasyon diferan. Nonb ki pi gran an, se 10 000 o total, ki twouve’l a Harddangervidda.

5- Vwayaje an Norvege pou'w ka dekouvri istwa’l yo

Pandan ke laplipa de moun nan mond lan ap imajine avèk (Les puissants Viking) achak fwa y'ap pale de istwa norvege la, pandan ke peryòd Viking lan pa menm fè tout enpak sa nan istwa yo a. Si peryòd Viking lan, ki te etann li de 793 a 1066 aprè J.C., te sètènman youn nan epòk ki te pi enpòtan nan rejyon an, poutan istwa norvegienne lan remonte byen pi lwen ke epòk Erik le rouge la. Anviwon 11 000 lane, nan tan J.C., kolon yo te rive nan peyi norvege e yo te arive triyonfe sou Phoque yo nan chase yo, (cerf yo ak divès lot zannimo sovaj).

6- Norvege se youn nan peyi ki pa gen anpil abitan nan kontinan

ewòp la

Peyi norvege la etann sou prè de 150 000 mil kare e li pataje yon

fwontyè avèk (La Suede), (La finlande) ak (La russie). Epoutan tout peyi a alawonnbadè genyen sèlman 5.4 milyon abitan. Sa ki fèl youn nan peyi ki gen mwens popilasyon an ewòp la. An verite si tout popilasyon an te repati de fason egal, yo t'ap genyen mwens de 40 moun pa kilomèt kare. Donk se pa twò etonan ke Norvege se peyi kote vwayajè yo toujou ale pou yo ka echape ak vi kapital yo e bay yo a 100% avèk bèl nati a.

7- Norvege se youn nan peyi kote moun pi ere nan mond lan

Petèt se lè fre y'ap respire a, petèt se kalite de vi a, petèt se falèz li yo ki mayifik la ; de tout fason Norvege se yon peyi ki vrèman vivab. An verite, selon rapò sou bonè nan mond lan nan lane 2017 la, li te klase peyi nimewo 1 nan tout mond lan. Anplis de sa, li nan tòp 10 la depi lane 2013. Epi lòt konkiran abityèl yo se kouzen yo « Scandi », « Le Danemark », « L’islande » ak « La finlande », sa ki pwouve ke peyi nò yo ap byen pase.

 

Pa bliye kite yon LIKE ♥ si'w te apresye atik la, ou kapab ban nou avi'w tou nan yon kòmantè sou sit la


Desann anba nèt pou'w kite kòmantè a.




@Five Stars Turismo

602 vues2 commentaires

POSTS RÉCENTS

bottom of page
>