> 7 andwa ou dwe konnen pou yon bon nwèl >
top of page
Rechercher
  • Photo du rédacteurWilgens Sterling

7 andwa ou dwe konnen pou yon bon nwèl

Nwèl a New york, Menm si se enpe vag, men tout moun ta dwe fè sa omwen yon fwa nan vi yo. men tout mond lan konnen ke ameriken yo se wa kreye « Gwo bagay \ King Size”, e sitou fet fen dane yo se yon gran okazyon pouf e gran bagay ! dekorasyon nan lari yo, nan vitrin yo magazen yo, espektak sou Broadway la, la wap jwenn yon gwo pòm majik nan peryòd sa.

1- Sapen Rockefeller Center a

Si gen yon sapen ke tout moun ta dwe wè nan vil New york la, se sa ! Yo plase’l la chak ane nan mi-novanm, antoure de plis ke 30 000 limyè ki repati sou 8 km de kab elektrik. La nan pye sapen an ou gen posibilite pouw amizew sou pis patinwa ki pi selèb nan peyi Usa.

2- Dekorasyon ‘’Dyker Heights’’

nan vil Brooklyn lan Katye Brooklyn lan atire chak ane plis pase 100 000 vizitè ki vin admire espesyalman dekorasyon nwèl ki enstale pa abitan vil yo. Flokon de nèj limine, bonòm de nèj gonflab ak poupe jeyan ki enpresyona ki ka fèw mande kote rantre mezon yo! Randevou ant 11e ak 13e aveni a depi 83rd jiska 86th St nan lannwit.

3- Espektak nwèl la nan Broadway

Broadway se yon déjà yon kote ki bel pandan tout lane a, men se nan peryòd nwèl la li ofri espektak ki pi majik li yo ! Radio City Chrismas Spectacular se mòso ki pi koni paske lap jwe chak ane depi 1933.



4- Peyizaj de nèj nan

Central Park la Byen toufe kòw ak rad epi ann pran direksyon a ‘’Central Park’’ pou yon long balad sou nèj la. Ti pwomnad sa ap mennenw rive jiska ‘’Wollman Rink’’, selèb patinwa ki figire nan tout bon film nwèl ameriken yo !


5- Pè nwèl ‘’Macy’s Herald Square’’

La se yon ti poz ka kite tout jèn yo bèbè ak granmou ki te kenbe yon lespri timoun : kote sa chita sou plis pase 1200 m2, Santaland se yon veritab pak atraksyon ki enstale nan gwo magazen ‘’Macy’s’’ la, kap transpòte’w direkteman nan pòl nò a. E siw ta renmen fè foto ak tonton nwèl la, prepare’w pou yon long atant paske moun yo ap anpil.

6- Holiday Train Show ki nan jaden Botanik la

Sa se yon lòt klasik ankò pandan sezon nwèl la nan vil nwe york la : Holiday Train Show nan jaden an kote gen yon tren kap sikile pami plant yo ak yon santèn de batiman anblematik vil la.



7- Plizyè mache nwèl yo

Avan ou kite vil la, sonje al fè yon ti tou nan youn nan plizyè mache nwèl ke vil la genyen yo pouw ka mennen kek souvni majik avek ou pandan sejou sa. Kanmèm nap konseye’w Union Square, Grand Central, Bryant Park ak Colombus Circle. Paske se favori majorite vizitè yo. ♫ Jingle bells, jingle bells… ♫ New york déjà ap tann ou kounya!

 

Five Stars Turismo


14 vues0 commentaire

POSTS RÉCENTS

bottom of page
>