> 5 rezon kifè Antigua & Barbuda se destinasyon ki pi womantik nan karayib la ? >
top of page
Rechercher
  • Photo du rédacteurWilgens Sterling

5 rezon kifè Antigua & Barbuda se destinasyon ki pi womantik nan karayib la ?

Wap chache yon kote ideyal pou relakse’w avek naj la pou sezon ivè kap vini la ? ebyen nou jwenn yon destinasyon solèy ideyal pou koup ou a : Antigua & Barbuda. Nap prezantew 5 rezon ki pwouve ke peyi zile marasa sa konstiye youn nan destinasyon ki pi womantik nan karayib.


1- 365 plaj pou dekouvri

Ou se moun ki renmen pran ti beny solèy ou, sab blan ak dlo tikwaz ?


Ebyen Antigua & Barbuda gen tout saw bezwen…e menm plis ke sa. Li gen 365 plaj e wi li gen yon plaj pou chak jou nan ane a !, ou ka pran ti beny vitamin solèy ou ak yon bon bwonzaj avek mwatye’w la.



2- Maryaj : Wi mwen vle !

Nan lane 2015 ak 2016, Antigua & Barbuda te pote non destinasyon ki pi womatik nan karayib yo. ala verite, 2 zile sa yo enpoze yo antan ke chefdefil nan endistri maryaj la, anpil « Lune de miel » ak bel anpil womans. E li trè selèb pou peyizaj paradizyak li yo, sant vakans entim li yo ak stil de vi trankil yo, se vreman yon andwa inoublyab pou yon sejou amoure.

3- Detant ak byennèt

Ki meyè fason ki ka genyen ke lè wap rechaje lespriw, kòw ak nanm ou nan yon ti moman vakans avek mwatye’w la bò kotew ? Antigua & barbuda chaje ak (Spa) ki pi womantik nan tout karayib la, son kote ki ka transfòme eksperyans ou an an yon paradi byennèt. Aprè yon masaj an koup, se rasire ke wap santiw reprann fòs.

4- Repa pou 2

Restoran bò lanmè ak teras la ki bay yon aspè kouche solèy ki vreman pote yon anbyans womantik. Wap jwenn pwodwi biolojik ki kiltive lokal, ak anpil pla delisye ki enflyanse mediteraneyen an, Antigua & Barbuda genyen majorite meyè restoran karayib la.

5- Chaje ak aktivite

Pouw relaksew a 2 nan ti beny solèy nou, Antigua & Barbuda se sant kote ki chaje ak evenmann, tankou « Sailing Week= weekend bato”, ki se yon kous ki attire anpil touris pandan 6 jou, nan mwa avril ak me. Epi, kot Antigua & Barbuda yo se yon espas ideyal pou yon jounen kwazyè, avek anpil van ak anpil pò pou eksplore.


- Ou menm ki renmen spò menm wap ka asiste ak yon pati « Cricket” ki se espò nasyonal zile sa. Epi, stad la trè selèb kòm stad ki pi eksitan nan mond lan, pwiske fanatik lokal yo vreman devwe epi enstalasyon yo eksepsyonel.


- Anplis de sa, gwo baryè koray la, ki te sèvi otrefwa pou pwoteje arive bato enmi yo, atire jounen jodya anpil plonjè nan tout kwen mond lan. Dlo klè e pwofon yo ap pèmèt ou obsève de seri de panorama anba dlo a ki vreman enkwayab.


- Finalman, zile marasa yo akeyi depi 60 lane « Antigua Carnival » nan mwa jiyè/dawout, li se yon festival ki dire 10 jou kote koulè fè kenken, konkou bote, parad, espektak talan ak mizik festif ki sou lis evenman sila a. bref, se yon evenman ke pèsonn pa ta dwe rate !


- Kounya ou konprann poukisa yo di li se destinasyon kif è reve koup damou yo ?🤩

 

15 vues0 commentaire

POSTS RÉCENTS

bottom of page
>