> 5 jès banal ki ka mal entèprete nan peyi etranje >
top of page
Rechercher
  • Photo du rédacteurWilgens Sterling

5 jès banal ki ka mal entèprete nan peyi etranje

Yon lis de plizyè jès a evite kapab trè itil ou lè kew pral vwayaje. Nou konnen ke yo itilize siy chak jou pou kominike, epi dayè 80% kominikasyon se non-verbal. Se pou sa nou vini ak kek jès pou ou ki ka mal-entèprete nan peyi etranje, e nan kek lòt kilti. Nan peyi etranje, kote fè yon demand konn vreman pa fasil sitou lè lang peyi a difisil, nou souvan konn itilize men nou pou nou endike ke tout bagay ok, oubyen pouw di yon pla delisye, ou ankò pou adrese yon moun kap pase. Atansyon, menm siw ta fe sa avek yon bòn entansyon pouw ta felisite chef yon restoran nan peyi iran kote kew leve pouce ou anlè, ou kapab ensilte envolontèman. Men enpòtans atik sa jodya !


1- Leve pous ou anlè

Jès sa souvan itilize pou fè kanpe oubyen pou endike akòw ak yon bagay, nan peyi iran jès sa konsidere kom yon jouman grav. Se siyifi ke’w ta mete ou rantre pous ou nan B**da moun kap pale avew la. Atansyon, son jès ki ka rale anpil annwi sou ou nan peyi iran !


2- Jès « OK » nan peyi brezil

Jès sa ki souvan itilize nan lavi nou chak jou pou endike ke tout bagay ap mache byen. Si’w fè jès sa nan peyi brezil, sa ka mal fini pou ou pwiske senbol sa itilize pou ensilte moun, an bon fransè : « Trou du cul ». Aprèsa ou panse sa ap toujou « mache byen pou ou a ? Loool.. !

3- Chif 5 avek men nan peyi grès ak Pakistan

Pa egzanp ou ka anvi fè yon « high five” ak yon moun oubyen Selman endike moun lan chif 5 jis nan louvri men’w byen laj, epi pla menw anfas moun wap pale avel la, ebyen fòk nou diw ke jès sa pa byen vini ditou nan peyi sa yo, paske li konsidere non Sèlman kom yon menas men tou kom yon malediksyon (la Moutza) wap lage sou moun wap pale avel la ak fanmi’l jiska 5e jenerasyon’l. Donk atansyon!

4- La “Dulya” nan peyi turquie

Siw ta kwaze yon timoun e’w ta renmen jwe avek li, tankou wap eseye pran nen’l, pandan ke ou glise pous ou nan mitan index ou ak majè ou, ebyen lap trè mal pran sa paske sa pou yo li siyifi menm bagay ak le’w “met pous ou anlè a” nan peyi iran; ki se “allez vous faire f**tre”.

5- Siy « V » nan peyi angletè ak kek koloni angle

Siy sa ki siyifi viktwa a, lèw fe’l nan peyi angletè ebyen sa ap fè pase pou yon ganyan ensilan e meprizan. E se menm bagay la, siw fè siy sa lè wap komande 2 byè nan yon bar. A evite !



 

Pa bliye lè w kite yon like pou nou lèw fin li yon atik ki entèrese w, lè konsa ou ankouraje travay la. Di nou kisa w panse de atik sa nan yon kòmantè.

505 vues3 commentaires

POSTS RÉCENTS

bottom of page
>