> 5 deklarasyon regrè moun fè avan yo mouri >
top of page
Rechercher
  • Photo du rédacteurWilgens Sterling

5 deklarasyon regrè moun fè avan yo mouri


 

1- Mtap renmen gen kouraj pou’m viv vim janm vle’l la, e jamè jan moun mandem poum viv.

Malerezman, nan telman vle fè plezi ak tout moun oubyen jis paske nou pè, nou toujou fini bliye pwòp tèt nou e mete rèv nou de kote. Se regrè ki pi komen kay tout moun ki pral mouri lè yap repase lavi yo. Anpil nan nou pa reyalize mwatye nan rèv nou e oblije mouri ak konsyans ke se akoz de chwa ke nou fè ak chwa ke nou pat fè tou.

2- Mtap renmen konsakre mwens tan nan travay.

Nou toujou pale de inegalite gason ak fi nan mond pwofesyonel la. Se vre ke gason yo toujou gen chans nan kesyon sa, men yo telman konsakre tan nan travay yo ke fini pa regrete sa. « Se youn nan regrè ki pi frekan kay pasyan maskilen yo ; yo pa gen chans wè timoun yo grandi devan zye yo, e yo pa pase twòp tan avek yo.

3- Mtap renmen gen kouraj pou’m eksprime’m santiman’m plis.

Ke se swa pou di moun ke nou renmen yo ak tout franchiz, nou souvan gen du mal pou nou eksprime santiman nou klè. Anpil moun toufe santiman nan yon sel objektif pou yo ka rete an pè avek antouraj yo. Akoz de sa anpil nan nou devlope de maladi ki gen rapò ak soufrans enteryè e sa pouse nou a tonbe nan maladi ki ka tiye nou. Sonje ke nou pa ka kontwole reyaksyon pèsòn, men menm si lot moun lan ta reyaji yon fason deplezan men lèw chanje fasonw ye pouw ka pale ak tout franchiz, se ap fini pa ranfòse relasyon’w yo e wap rann yo pi vrè, pi vital. Oubyen sa ka liberew de yon relasyon toksik ki ka polye egzistans ou. Nan tou 2 ka sa yo se ou menm kap ganyan.


4- Mtap renmen rete an kontak avek kèk zanmi.

Zanmitay dwe kenbe. Men malerezman, avek wo ak ba lavi a chak moun, li vin pi fasil pou pa rele zanmi an souvan ankò, oubyen vizite yo. Anpil nan nou pa imajine enpòtans ke yon zanmi gen nan lavi yo pandan egzistans yo. E nan dènye jou vi nou, li konn souvan pa posib pouw jwenn yo nan moman ou pral kite mond sa. Se vrèman tris bagay sa lè pasyan yo ap eksplike moman sa.


5- Mtap renmen bay tèt mwen chans pou’m viv ere

Daprè ou menm, ou panse ke bonè a se yon chwa li ye ? sa nou panse, si nou ta komanse leve kreye bonè nou olye ke nou chita ap tann bonè a vin frape pòt nou ? Anpil nan moun avan yo mouri toujou gen regrè sa, yo pat janm reyalize ke bonè se te yon chwa. Sa konn koz yo tounen nan ansyen abitid yo lè konsa. Mezanmi regrè yo pa dous, jodya ou gen chans li atik sa donk mwen espere ke li itil nou. E konsa nap resezi nou sou liy egzistans nou.

 

Si w twouve tèks la itil, kite yon Like oubyen yon kòmantè!!

247 vues0 commentaire

POSTS RÉCENTS

bottom of page
>