> 5 BÈL PLAJ KI ATIRE PLIS TOURIS >
top of page
Rechercher
  • Photo du rédacteurWilgens Sterling

5 BÈL PLAJ KI ATIRE PLIS TOURIS

Sa ki toujou atire touris sou yon zile se patikilyèman plaj yo. Sou ti bout zile nou an, reyalite a pa si diferan e nou chaje bèl plaj. Si n t ap pran site bèl plaj pou ou, lis la t ap long. Men, nan plaj sa yo, genyen ki spesyal, e yo resevwa plis vizit. Nou fè yon seleksyon de 5 nan bèl plaj peyi a genyen e ke tourisplis vizite. Ou menm tou, ou ta dwevizite yo si tout fwa ou vle eksplore richès peyi w. Ann pati pou 5 bèl plaj sa yo :

I. Labadee, Cap-Haitien Yon plaj ki toujou domine pa touris epi ki gen aksè prive. Yo rekonèt Labadee kòm yon mètafè nan koze plaj an Ayiti. Dlo pezib li yo ak anviwònman an kapab detann nenpòt moun ki vle pase yon ti tan isit la. Touris yo ka fè komisyon ak kèk machann lokal kie opere sou tout trajè a. Nan Okap,Labadee reprezante yon richès pou komin nan e peyi a an jeneral.

II. Wahoo Bay Beach,Carriès

Li se yon destinasyon pou moun ki damou sitou e ki ofri posibilite pou avanti tankoukayak, plonje ak eskalad. Lwe yon chèz epi chita sou plaj la epi w ap jwi bote dlo Karayib la ak montay ki antoure yo. Bèl plaj sa rete yon referanssi tout fwa w ap pran direksyonNò peyi Dayiti

III. Decameron, Montrui

Dènye tan sa yo, Decameron soti pou l pran vedèt la nan men anpil lòt ki te la avan. Ki moun ki pa tande pale de Decameron ? Bèl plaj sa antoure pa yon pak natirèl apeprè55 ekta, li gen otèl tou epi plaj la


chita sou yon espas de 2 KM. Lòtbò a se toujou yon akèy kote divès kalite kilti pèp la melanje; Atizay, mizik, vodou, elatriye.

IV. Moulin sur mer, Montruis

Plaj sa ki bay aspè epòk kolonyal la twouve l nan lokalite Montruis. Li gen bèl jaden ke moun yo byen jere, yon gwo pisin, yon restoran ak kèk ti bar. W ap gen chans lwe bèl ti chanm ki bay sou jaden an, epi gen douch nòmal. Moulin sur mer se yon espas ki bay moun anvi pase on nwit.


V. Abaka Bay Beach Club, Ile-a-Vache

Plaj sa k ap layite kòl nan Île à Vache, Abaka Bay, te klase an 57e pozisyon pami tout bèl plaj ki gen mond lan selon CNN, gwo jounal ameriken sa. Malgre Abaka Bay te sibi anpil domaj nan dènye tranbleman ki sot pase a la (14 out), Li stil rete yon plaj ki fè non l. Selon ekspè nan zafè plaj, Abaka Bay bay yon bèl vizyon sou oseyan an, epi sab li yo trè blan e dlo lanmè a klè kou dlo kòk.


Jan nou te di l la, peyi a chajebèl plaj men se pa tout ki resevwa touris.Genyen tou ki bonbade ak tou malgre sitiyasyon difisil ke peyi a ap konnen.


Redaksyon | Luckensly LUMA

 



POSTS RÉCENTS

bottom of page
>