> >
top of page
Rechercher

5 bagay pou’w konnen avan’w vwayaje.

Photo du rédacteur: Wilgens SterlingWilgens Sterling

Dernière mise à jour : 12 juil. 2021

Ou santiw enpasyan pouw al vizite yon lot peyi, swa pou vakans oubyen al abite ? ebyen li tap trè saj wi siw ta envesti tanw nan li tout atik sa nèt sinon ou pral oblije fè gwo depans regretab lè yon bagay kew pat prepare pou sa ta rivew. Swiv ti lis sa ke ajans « Five Stars Turismo » prepare pou ou espesyalman pou asirew ke’w pa bliye anyen avan ou rantre tèt ou nan koze vwayaj nan yon peyi etranje.


1- Asirew ke paspò’w ak viza’w ajou

Laplipa nan peyi yo souvan egzije pou paspò’w valid pandan 6 mwa aprè dat retou a. verifye depi kounya dat ekspirasyon paspò’w la pouw konnen eske’w ta dwe gentan renouvle’l avan menm ou fè vwayaj sa. Gentan prevwa 6 semènn pou ke demand paspò’w la ka gentan byen trete. Answit pran enfòmasyon sou peyi ou prale a, sitou si wap bezwen fè demand viza oubyen achte’l sou entènèt la. Avek lot enfomasyon sou kriminalite, avek kek sikonstans patikilye, sitou enfomasyon medikal yo etc…e siw ta envizaje lwe yon machin oubyen kondwi pwòp machin ou, pouw ka konnen eske yon pèmi entenasyonal nesesè, si sa peyi’w la pa sifi.

2- Toujou verifye avètisman yo ak avi sou vwayaj yo

Verifye si gouvènman peyi kotew ye a pa bay avètisman sou kek peyi ki gen pwoblèm sosyetal e ki riske pou vwayajè yo, oubyen yon alèt de vwayaj sou kek peyi ki gen pwoblèm ki petèt pa two grav men kapab yon menas kanmèm pou vizitè. Jan yo toujou di a : se mèt kò ki veye kò.

3- Sonje fè yo vaksine’w epi swiv preskripsyon yo

Koze vwayaj se bel bagay men fok mwen di’w li chaje ak danje, nou pa vin fèw pè men nou dwe ouvè je’w sou anpil bagay ki trè zenpòtan pou sante’w ak byenèt ou. Avan’w deplase sonje pran enfomasyon sou peyi ou prale, sou ki maladi oubyen ki epidemi ki abitye opere nan rejyon kotew prale a. se pou sa nou toujou konseye tout kliyan nou yo vaksinen avan yo deplase, oubyen al konsilte yon pwofesyonèl medikal. Toujou bat pouw okouran de risk ki gen sou manje yo, dlo yo, ak pwodwi ki lib nan mache yo avek kek lot konsey sou sante. Lèw prè pou vwayaje a, sonje mennen avek ou yon fotokopi preskripsyon’w yo, answit mete yo separeman nan yon sachè avek non yo ekri sou yo. toujou mete medikaman yo nan yon flakon medikama…

4- Toujou pran yon asirans vwayaj

Li posib pou asirans maladiw la pa kouvriw nan moman ke wap vwayaje a. an fonksyon de destinasyon ou, toujou envizaje yon asirans medikal an ijans.



5- Ranje zafè’w avek swen

Apa de bagay elektonik ki nesesè yo, pa pote bagay de valè ave’w. bijou ki chè ka atire vòlè ki ekspè nan sible touris.si sa ta rive ou vwayaje avek bagay de valè, toujou sonje metel nan sak ki nan menw lan e touswit ou rive sonje depoze yo nan « coffre-fort » otel la. Avan ke ou vwayaje sonje retire tout sak pa pral itil ou pou kotew prale a, tankou kat de kredi kew pa prevwa itilize pandan vwayaj la. Si’w se moun ki pote linèt, pa neglije pote 2 an ka ou youn ta domaje. Anwit aplike etikèt sou chak sak : mete non’w, adres ou, ak nimewo telefon ou anndan ak deyò chak bagay ou yo.


Si kontni sa te itil ou, kite yon « Like ak yon kòmantè » pou ankouraje travay la.

Toujou sonje ke : « Five Stars Turismo se chwa entèlijan ! »

 

385 vues0 commentaire

Comments


POSTS RÉCENTS

bottom of page