> >
top of page
Rechercher
  • Photo du rédacteurWilgens Sterling

5 bagay enkwayab ou ka fè nan peyi Ajantin (Argentine)

Mwayen pou yon vwayaj reyisit la senp kòm bonjou : Bel avanti, pwomennen nan vil yo, dekouvri bote pwovens peyi a, amizman, pran plezi nou e san bliye yon bon detant bò pi bel plaj yo. Nou toujou ap chache yon bagay diferan nan peyi letranje, yon bagay ki ka siprann nou, yon bagay ki pou fè nou bliye jounen nou yo nan espas de kelke jou. Yon eksperyans anrichisant, entèresant e original. Ebyen ajantin posede presizeman tout atou sa yo ki vreman nesesè pou reyisi yon sejou nan peyi etranje. An verite, gwosè tèritwa a, akèy abitan yo, varyete jeografi li yo, vi palpitant ke vil li yo ofri, fè de li menm yon peyi admirab.

Men 5 list bagay ou ka fè nan peyi ajantin ki vreman san parèy, enkwayab ki ran peyi sa mèveye konsa.