> >
top of page
Rechercher
  • Photo du rédacteurWilgens Sterling

10 pi gran bidonvil nan mond lan

Daprè Onu-Habitat, yon bidonvil se yon pati nan yon vil kote moun yo ap viv nan move kondisyon, nan kay ki bati nan move pozisyon, ak rès materyo epi ki pa jwi de dwa ou sekirite fonsye. Reyalite sa a prezan nan anpil peyi, endepandaman de nivo ekonomik yo. Sa ki vle di, wap jwenn bidonvil an Ayiti, menm jan wap wap jwenn Ozetazini.


Karakteristik bidonvil yo pa chanje de yon peyi a yon lòt, yo toujou rete menm bagay yo: twòp moun, lojman enfòmèl, ensekirite, mank dlo potab, move kondisyon ijyèn, esklizyon sosyal, elatriye. Nan dènye ane sa yo, kantite bidonvil ki te genyen yo kòmanse diminye gras ak travay ibanis yo. Konsta sa li fèt nan plizyè peyi tankou Ajantin ak Ejip. Jodi a, nou ap prezante w 10 pi gwo bidonvil ki genyen nan mod lan. Pou nou fè klasman sa a, nou ap chita sou kantite moun ki ap viv ladan yo.

10è: Konte Hidalgo

Nan peyi anglosakson yo, yon konte se yon divizyon teritoryal ki pi piti ke yon Eta men ki pi gwo ke yon vil oubyen yon meri.

Konte Hidalgo gen yon sipèfisi 4 099,6 kilomètkare. An 2018, popilasyon te estime a 865 939 abitan. Yon gwoup kiltivatè meksiken te enstale yo sou yon pati nan kote sa a ki twouve l’ nan Nouvo Meksik. Yo tap chèche travay ak lavi miyò. Gwo propriyetè yo kòmanse koupe tè epi vann ba yo ilegalman san dlo, san