> 10 bagay ke yon etranje pa ta dwe janm fè nan peyi larisi >
top of page
Rechercher
  • Photo du rédacteurWilgens Sterling

10 bagay ke yon etranje pa ta dwe janm fè nan peyi larisi

Pandan ke sèten konpòtman ou ta wè ki sanble ak yon abitid parapò ak fim oubyen videos ou konn gade sou larisi e menm pafwa ou konn gen tandans ke yo inivèsèl paske yo ta nòmal nan nan peyi paw la, ebyen wap etonen konnen ke lejislasyon larisi kondane jan de pratik sa yo. Jodya Five Stars Turismo pote konsèy sa yo pou edew entegre peyi sila pi fasilman nan moman pwochen vwayaj ou pou yon ti sejou nan kolosal peyi sa.

1- Bwè alkol nan lari

Sa petèt konn rive kew konn wè nan fim oubyen video sou peyi larisi kotew konn wè mou nap bwè alkol nan pak yo oubyen nan lari a ebyen kounya sa entèdi pa la lwa. Anfèt, ou ka selman bwè alkol lakay ou oubyen nan etablisman ki gen lisans pou sa. Men Bwason kip a gen anpil alkol yo tankou byè otorize nan kek sinema avek kek sant komèsyal oubyen restoran, men se si e Selman si out e achte bwason yo nan espas la. Amand pou konsomasyon alkol nan yon espas piblik li ant 500 roubles (7 ewo) a 1500 roubles (anviwon 20 ewo).

2-Fimen nan yon otel oubyen yon restoran

Se gen plizyè ane, (Russe) yo te konn fimen tout kote : nan aeropò yo, kafe yo, tren yo. Men kounya, se selman nan lari moun ka fè sa. E yo pa menm ka fe sa a 15m nan antre metro yo, sel machin ou avek yon espas espesyal pou moun fimen kip a yon pwoblem « kourilka » nan langaj Russe la. Amand ki atribye ak pratik sa an deyò de espas yo bay pou sa ebyen moun la nap peye 500 a 1500 roubles. Mkonnen ou ka mande e si moun lan sou balkon lakay li ? bel kesyon. Ebyen ouvè zorèy ou ak konpreyansyon sou ti istwa sa. Nan lane 2017, presizeman nan mwa novanm lan, (La cour Suprême) nan peyi larisi te òdone avek plizyè moun ki tap fimen sou balkon yo pou yo ta dedomaje vwazen yo a. ti istwa se poum diw retire sa nan tet ou, amwenke ou ta deside dedomaje vwazenw lan. (Loool) pou tèmine nap raplew ke se sel « TABAK » yo otorize, aprèsa anyen ankò.

3- Bliye Paspò’w

Nan peyi larisi, yon polisye gen dwa poul aretew poul verifye kat idantitew oubyen paspò’w. yo gen otorizasyon pou yo fè sa pandan anviwon 3zè de tan pou etabli idantite moun lan. Men sonje pouw trè poli avek yo, de tout fason ou pa gen pouw gen enkyetew siw pa nan anyen.

4- Eseye bwè plis ke yon (Russe)

Imajine kew ta gen yon zanmi (russe) ki envitew nan yon fèt. Ou komanse ap manje ak bwè alkol. Selon tradisyon (russe) la, ou pa ta dwe manje aprèw fin pran premye vè vodka a, e yon moun pa dwe pran gran poz ant premye vè a ak dezyèm lan. E jeneralman twazyèm vè a dwe vini touswit aprè dezyèm vè a. siw ta an reta nan fet la, yo ka mandew pouw bwè yon vè kom « penalite ». Fèt (russe) yo jeneralman toujou dire plizyè èdtan epi yo toujou chaje ak swè. Kòm konsèy pa al fè konkou ak (russe) yo svp ! Men siw ta vle fe sa, asirew ke byen chaje lestomak pou sa depi avan. NB : salad tradisyonel kif et ak baz mayonèz yo vreman ideyal pou sa.

5- Rele yon fanm « Fanm »

Nòmalman pa vreman gen yon fason espesyal pouw adresew ak yon gason oubyen yon fanm nan peyi larisi, tankou pouw ta di « Monsieur oubyen Mademoiselle ». konsa tou, yo souvan rele jèn yo « fi »/ « Gason » (« devouchka »/ « molodoi tchelovek »), tandiske « manmi » / « papy » (« babouchka »/« dedouchka ») sèvi pou abòde russe ki vreman aje yo. fok nou diw ke di « fanm » / « gason » ki se (« jenchtchina »/« moujtchina »)pa sonnen tro byen nan zorèy yo, donk li preferab pou ta jwenn yon lot fason pouw ta fe sa, oubyen evite abòde yo de fason fòmel tou senpleman.

6-Mande moun lan laj li ak salè li

Yon konvèsasyon konsa konsidere kom prive pou russe yo. Yon fanm ka mande yon lot fanm ki laj li men yon gason pa ta dwe mande yon bagay konsa ak yon fanm. Se menm bagay la ki aplike pou sale yon moun kap viv nan peyi larisi. Sa ka rive ou di salè paw la men pa atann yo pral fe menm bagay la tou.

7- Rete chita nan yon machin pandan ke yon granmoun kanpe

Sa se yon règ ke tout moun konnen nan mond lan, men russe yo aplike’l pi strik toujou. Se yon pratik koutwa pouw bay plas ou ak yon moun ki pi aje ke ou oubyen ak yon fanm ansent. Anfèt, menm gen kek gason kip a chita menm si jamè yon fi ta rete kanpe nan bus, tren, etc.

8- Achte yon telefòn nan lari

Yon moun ofriw yon Iphone tout nef nan lari … ? sa ka rive li vreman bezwen lajan, men trè souvan li pi pwobab pou se eseye moun lan ta eseye volèw oubyen few achte yon aparèy ke li volè. Siw ta vle achte yon telefòn, pran randevou nan yon magazen ofisyel pou sa.

9- Chanje lajan si se pa yon bank

Se menm bagay la pou lajan. Anyen pa garanti ke lajan yap baw la otantik si se pa nan yon kanal ofisyel ou fe sa. Fo lajan yo vreman egzite e si ou ta itilize kek biwo ki enpe sispèk nan katye yo, ou ka fini avek anpil pwoblem. Siw paka ale nan bank, ebyen otel yo ka chanje lajan pou ou, men to a riske poul elve Selman.

10- Souri twòp avek enkoni (etranje)

Entèdiksyon sa sanble biza lèw fenk ap li’l pa vre ? ebyen (russe) yo gen tandans souri avek pwoch yo e yo ka santi yo mal-alèz si yon etranje souri avek yo.


 

Pa bliye LIKE si'w renmen atik la epi pataje avi w sou atik la nan yon kòmantè avèk nou oswa reponn ak kesyon ki poze a.





@Five Stars Turismo

603 vues0 commentaire

POSTS RÉCENTS

bottom of page
>